1 Konsa pale SENYÈ a: “Ale desann kote kay wa Juda a, e pale pawòl sa a: 2 Di l konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, O wa Juda, ki [~1~]chita sou twòn David la, ou menm, sèvitè ou yo ak pèp ou a ki antre nan pòtay sila yo. 3 Konsa pale SENYÈ a: [~2~]“Fè jistis ak ladwati e delivre sila ki te vòlè devan pouvwa sila ki te oprime l la. Anplis pa maltrete ni fè vyolans a yon etranje, òfelen an ak vèv la. Ni pa vèse san inosan nan plas sa a. 4 Paske si nou menm mesye yo va, anverite, fè bagay sa a, alò, [~3~]wa yo va antre nan pòtay kay sa a, e va chita nan plas David sou twòn li an. Yo va monte sou cha yo ak sou cheval yo—yo menm, sèvitè yo ak pèp li a. 5 Men si nou pa obeyi pawòl sa yo, Mwen [~4~]sèmante pa Mwen menm,” deklare SENYÈ a: “ke kay sila a va vin dezole.” ’ ”
6 Paske konsa pale SENYÈ a konsènan kay wa a Juda a:
“Ou tankou Galaad pou Mwen,
tankou tèt mòn Liban an.
Malgre, anverite Mwen va fè nou kon yon [~5~]dezè,
8 “Anpil nasyon va pase kote vil sa a. Konsa, yo va [~7~]di youn lòt: ‘Poukisa SENYÈ a te fè bagay sa a gwo vil sa a?’ 9 Epi yo va reponn: ‘Akoz yo te [~8~]abandone akò SENYÈ a, Bondye yo a, e te pwostène yo a lòt dye yo e te sèvi yo.’ ”
11 Paske se konsa SENYÈ a pale a [~10~]Schallum, fis a Josias, wa Juda a, ki te vin wa nan plas Josias, papa li, ki te ale kite plas sa a: “Li p ap janm retounen la, 12 men nan plas kote li te mennen an kaptivite a, se la li va [~11~]mouri e li p ap wè peyi sila ankò.”
24 “Kon Mwen viv la”, deklare SENYÈ a: “Menmsi [~21~]Jeconia, fis a Jojakim nan, te yon bag so nan men dwat Mwen; malgre sa, Mwen ta rale retire ou. 25 Epi mwen ta [~22~]lese ou tonbe nan men a sila k ap chache lavi ou yo; wi, nan men a sila ke ou krent anpil yo, menm nan men Nebucadnetsar, wa a Babylone nan, e nan men a Kaldeyen yo. 26 Mwen va jete ou ak [~23~]manman ou ki te fè ou a jis nan yon lòt peyi kote ou pa t fèt, e la ou va mouri. 27 Men pou peyi kote yo ta vle retounen an, yo p ap retounen la.”
28 Èske nonm sa a, Jenocia se yon po meprize, kraze nèt?
Oswa èske li se yon veso lèd, san valè?
Poukisa li menm ak desandan li yo te [~24~]jete deyò konsa