7 “ ‘ “Mwen va [~7~]fè nil tout konsèy Juda ak Jérusalem nan plas sa a. Mwen va fè yo tonbe pa nepe devan lènmi yo, e pa men a sila k ap chache lavi yo. Konsa, Mwen va bay kadav yo pou manje a zwazo syèl yo, ak bèt sovaj latè yo. 8 Anplis, Mwen va fè vil sa a yon dega, yon objè degoutan k ap fè moun soufle anlè kon koulèv. [~8~]Tout moun ki pase akote li va vin etone, e sifle anlè akoz tout dezas li yo. 9 Mwen va fè yo [~9~]manje chè pwòp fis pa yo ak fi pa yo. Yo va manje chè youn lòt nan syèj la, ak nan gwo twoub avèk sila lènmi pa yo, ak sila k ap chache lavi yo va twouble yo.” ’
10 “Nan moman sa a, ou gen pou kraze [~10~]kanari a devan zye a tout moun ki akonpanye ou. 11 Epi di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Se konsa Mwen va [~11~]kraze pèp sa a ak vil sa a, jis jan ke yon moun kraze yon po kanari, pou l pa ka repare ankò. Yo va antere Topheth, jis lè pa gen plas pou antere ankò. 12 Se konsa, mwen va trete plas sa a ak moun ki rete ladann yo,” deklare SENYÈ a, “pou fè vil sa a tankou Topheth. 13 Lakay Juda ak lakay a wa Juda yo va vin souye kon [~12~]Topheth, akoz anwo twati a tout kay yo te brile sakrifis a tout lame syèl yo, e te vide bwason kon ofrann a lòt dye yo.” ’ ”
14 Konsa, Jérémie te sòti Topheth, kote SENYÈ a te voye l pwofetize a. Li te kanpe nan [~13~]lakou lakay SENYÈ a e te di a tout pèp la: 15 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen prèt pou mennen sou vil sila a ak tout bouk li yo tout gwo twoub ke M te deklare kont li yo, akoz yo te fè tèt yo di [~14~]pou pa koute pawòl Mwen yo.’ ”
<- Jérémie 18Jérémie 20 ->