1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a ki te di: 2 “Leve [~1~]desann lakay mèt krich la, e la Mwen va anonse pawòl Mwen yo a ou menm.”
3 Konsa, mwen te desann lakay mèt krich la. E gade byen, li t ap fè yon bagay sou wou a. 4 Men veso ke li t ap fè ak ajil la te gate nan men mèt krich la. Pou sa, li te refòme l fè yon lòt veso jan sa te fè l plezi fè a.
5 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 6 Èske Mwen pa kabab, O lakay Israël, aji avèk ou menm jan mèt krich la konn fè a? deklare SENYÈ a. Gade byen, tankou [~2~]ajil la nan men mèt krich la a, se konsa ou ye nan men Mwen, O lakay Israël. 7 Nan yon moman, Mwen ka pale konsa konsènan yon nasyon, oswa konsènan yon wayòm pou [~3~]dechouke li, pou jete li atè, oswa pou detwi li. 8 Men si nasyon sa a ke Mwen te pale a, vin kite mechanste li a, Mwen va vin [~4~]repanti konsènan gwo twoub ke m te gen entansyon fè rive l la. 9 Oswa, nan yon lòt moman, Mwen ka pale konsènan yon nasyon, oswa konsènan yon wayòm pou [~5~]bati li, oswa pou etabli li. 10 Men si li fè mal nan zye M e pa obeyi vwa M, alò, Mwen va [~6~]repanti de byen nan ke M te fè pwomès fè yo.
11 “Alò, pou sa, pale ak mesye Juda yo, ak moun ki rete Jérusalem yo. Di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap prepare gwo malè kont nou, e Mwen ap fòme yon plan kont nou. [~7~]Vire fè bak, nou chak, soti nan wout mechan li, e korije de zak nou yo.” ’ 12 Men yo va di: ‘Sa pa ka fèt! Paske nou ap swiv pwòp plan pa nou, e nou chak va aji selon pwòp panse a [~8~]kè di nou.’
13 Akoz sa a, pale SENYÈ a:
“Mande, koulye a, pami nasyon yo;
se kilès ki konn tande yon koze konsa?
[~9~]Vyèj Israël la te fè yon bagay pi lèd pase tout bagay.
17 Tankou van lès, Mwen va [~12~]gaye yo nèt devan lènmi an,
Nan jou kalamite yo, Mwen va ba yo do m.
Yo p ap wè figi M.
18 Konsa yo te di: “Vini! Annou [~13~]fè konplo kont Jérémie! Anverite, lalwa a p ap pral pèdi de prèt la, ni konsèy a saj yo, ni pawòl sen a pwofèt la! Vini, annou frape li ak kout lang, e pa okipe okenn nan pawòl li yo.”
19 Koute mwen, SENYÈ e,
koute sa ke lènmi m yo ap di!
20[~14~]Èske se ak mal ke yon moun dwe rekonpanse pou sa ki bon?