Malgre sa, Ou nan mitan nou, O SENYÈ e nou vin rele pa non Ou;
pa abandone nou!
10 Konsa pale SENYÈ a a pèp sa a:
“Malgre yo tèlman renmen egare;
yo pa t kenbe pye yo nan bon kontwòl.
Akoz sa, SENYÈ a pa aksepte yo.
Koulye a, li sonje inikite yo.
Li fè yo rand kont pou peche yo.”
11 Pou sa, SENYÈ a te di m: [~8~]“Pa fè lapriyè nan favè a pèp sa a. 12 Lè yo fè jèn, Mwen p ap koute kri yo; epi lè yo ofri ofrann brile ak ofrann sereyal, Mwen p ap aksepte yo. Pito Mwen va fè yo disparèt ak nepe, ak gwo grangou, bèt ak maladi k ap ravaje chan yo.” 13 Men “A, Senyè, BONDYE a!” Mwen te di: “Gade, pwofèt yo ap di yo: ‘Ou [~9~]p ap wè nepe, ni gwo grangou, men se lapè k ap rete nèt nan plas sa a.’ ”
14 Konsa, SENYÈ a te di Mwen: [~10~] “Pwofèt yo ap pwofetize sa ki fo nan non Mwen. Mwen pa t voye yo, ni kòmande yo, ni pale avèk yo. Y ap pwofetize yon vizyon ki fo, prediksyon, sa ki san enpòtans, ak manti k ap sòti nan pwòp panse pa yo. 15 Pou sa, pale SENYÈ a, selon pwofèt ki pwofetize nan non Mwen, malgre se pa Mwen ki te voye yo—men yo kontinye ap di: ‘P ap gen nepe ni gwo grangou nan peyi sa a’,[~11~] ak nepe e gwo grangou, pwofèt sa yo ap rankontre fen yo! 16 Pèp la tou, a sila yo bay pwofesi sa a ap jete deyò nan lari Jérusalem akoz gwo grangou ak nepe. P ap menm gen moun ki pou antere yo—ni yo menm, ni madanm yo, ni fis yo ni fi yo—paske Mwen va [~12~]vide pwòp mechanste pa yo sou yo.