1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, t ap di: 2 “Koute pawòl [~1~]akò sila a e pale avèk mesye Juda yo ak sila ki rete Jérusalem yo. 3 Di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, [~2~]“Modi se nonm ki pa okipe pawòl akò sila a, 4 ke Mwen te kòmande papa zansèt nou yo pou fè nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, soti nan [~3~]founo fè a, lè M te di yo: ‘Koute vwa Mwen e fè selon tout sa ke Mwen kòmande nou. Konsa, nou va pèp Mwen e Mwen va Bondye nou,’ 5 pou m ka etabli [~4~]sèman ke M te fè ak papa zansèt nou yo, pou bay yo yon peyi k ap koule ak lèt, ak siwo myèl, jan li ye nan jou sa a.” ’ ”
Mwen te reponn: “Amen O SENYÈ”. 6 Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Pwoklame tout pawòl sa yo nan vil Juda yo ak nan lari Jérusalem yo, pou di: ‘[~5~]Tande pawòl akò sa a pou fè yo. 7 ‘Paske Mwen te [~6~]avèti papa zansèt pa w yo solanèlman nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, menm pou rive nan jou sila a, Mwen t ap avèti tout tan e t ap di: “Tande vwa Mwen”. 8 Malgre sa, yo pa t obeyi, ni panche zòrèy yo vè Mwen. Men yo te mache chak selon tèt di a kè mechan yo. Akoz sa, Mwen te mennen sou yo tout [~7~]pawòl akò sila a, ke M te kòmande pou yo fè, men yo pa t fè yo.’ ”
9 Konsa, SENYÈ a te di m: “Gen yon [~8~]konplo vin k ap fèt pami mesye Juda yo ak moun ki rete Jérusalem yo. 10 Yo te vire retounen vè inikite a papa zansèt yo, ki te refize tande pawòl Mwen yo. Yo [~9~]te ale dèyè lòt dye pou sèvi yo. Lakay Israël ak lakay Juda te kraze akò ke M te fè ak papa zansèt yo.” 11 Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen” Mwen ap [~10~]mennen yon gwo dezas sou yo, ke yo p ap ka chape menm. Malgre yo kriye ban Mwen, Mwen p ap koute yo. 12 Konsa, lavil a Juda ak pèp Jérusalem nan va [~11~]ale kriye a lòt dye kote yo brile lansan an; men anverite, yo p ap sove yo nan tan gwo dezas yo. 13 Paske dye nou yo menm kantite ak vil nou yo, O Juda; epi menm kantite ak lari Jérusalem yo se lotèl kote nou te plase [~12~] gwo wont sa yo, menm pou brile lansan bay Baal yo.
14 “Akoz sa, pa priye pou pèp sa a. Ni pa leve gwo kri oswa fè lapriyè pou yo; paske Mwen [~13~]p ap koute yo lè yo rele Mwen akoz gwo dezas yo.
15 Ki dwa [~14~]byeneme Mwen an genyen lakay Mwen an
17 SENYÈ dèzame ki te plante ou a, te pase lòd malè kont ou akoz mechanste lakay Israël la ak lakay Juda a; akoz yo te pwovoke Mwen ak [~16~]ofrann sakrifis ke yo te leve vè Baal yo.
18 Anplis, SENYÈ a te [~17~]fè m konprann, e mwen te konnen li. Konsa, Ou te montre m zak yo. 19 Men mwen te tankou yon [~18~]jenn mouton dou k ap mennen labatwa. Mwen pa t konnen ke yo te fòme yon konplo kont mwen; Ke yo t ap di,
“Annou detwi bwa a ak fwi li.
Annou koupe l nèt soti nan peyi vivan yo,
pou non li pa sonje ankò.”
20 Men O SENYÈ dèzame yo, ki [~19~]fè jijman ki dwat yo,
ki sonde santiman ak kè yo,
kite mwen wè vanjans Ou sou yo;
paske se Ou menm, mwen te fè konnen koz mwen an.
21 Akoz sa, SENYÈ a pale selon mesye [~20~]Anathoth yo, k ap chache lavi ou, k ap di: “Pa pwofetize nan non SENYÈ a, pou ou pa mouri nan men nou”— 22 Akoz sa, pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen prèt pou pini yo! [~21~]Jennonm yo va mouri pa nepe, fis ak fi yo va mouri ak gwo grangou. 23 Menm yon retay [~22~]p ap rete pou yo. Paske Mwen ap mennen yon dezas sou mesye Anathoth yo, jis li rive ane règleman pa yo.”