4 Epi Jephthé te ranmase tout gason Galaad yo pou te goumen kont Éphraïm. Mesye Galaad yo te bat Éphraïm, akoz yo te di: “Se moun sove devan Éphraïm ke nou ye; O Galaadit yo, ki nan mitan Ephraïm ak nan mitan Manassé.” 5 Galaadit yo te [~3~]kaptire tout kote pou janbe Rivyè Jourdain anfas Éphraïm nan. Epi li te rive ke lè nenpòt nan moun sove Éphraïm yo te di: “Kite mwen janbe,” mesye Galaad yo ta di li: “Èske ou se yon Efrayimit?” Epi si li te di: “Non”, 6 alò, yo te di li: “Silvouplè, di ‘Shibboleth.’ ” Men li ta di: “Sibboleth”, paske li pa t kab pwononse li byen. Konsa, yo ta sezi li pou touye li nan kote pou janbe Jourdain an. Konsa, te tonbe nan lè sa a, karann-de-mil nan Efrayimit yo.
7 Jephthé te jije Israël pandan sis ane. Epi Jephthé, Galaadit la te mouri e te antere nan youn nan vil nan Galaad yo.
8 Alò, Ibtsan a Bethléhem te jije Israël apre li. 9 Li te gen trant fis ak trant fi ke li te bay an maryaj andeyò fanmi an. Li te fè antre trant fi soti deyò pou fis li yo. 10 Konsa, Ibtsan te mouri e te antere Bethléhem.
11 Alò, Élon, Zabilonit lan te jije Israël apre li. Li te jije Israël pandan dis ane. 12 Konsa, Élon, Zabilonit lan te mouri e te antere nan Ajalon nan peyi a Zabulon.
13 Alò, Abdon, fis a Hillel la, Piratonit lan te jije Israël apre li. 14 Li te gen karant fis avèk trant pitit pitit ki te monte sou swasann-dis bourik. Li te jije Israël pandan uit ane. 15 Epi Abdon, fis a Hillel la, Piratonit lan te mouri e te antere nan Pirathon nan peyi Ephraïm nan, nan peyi ti mòn ki te pou Amalekit yo.
<- Jij Yo 11Jij Yo 13 ->