Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
39
1 [~1~]Nan lè sa a Merodac-Baladan, fis a Baladan nan, wa Babylon nan, te voye lèt ak yon kado bay Ézéchias, paske li te tande ke li te malad, e li te refè. 2 Ézéchias te [~2~]kontan e te montre yo tout trezò lakay li yo; ajan ak lò a, epis ak lwil presye, tout zam li yo ak tout sa ki te la nan trezò a. Pa t gen anyen lakay li a ni nan tout wayòm li an ke Ézéchias pa t montre yo.

3 Alò, Ésaïe, pwofèt la, te vin kote Wa Ézéchias. Li te di l: “Se kisa mesye sa yo te di, e se kibò yo sòti pou vin kote nou la a?”

Ézéchias te di: “Yo vin kote m soti nan yon [~3~]peyi lwen, Babylone.”

4 Li te di: “Se kisa yo te wè lakay ou a?”

Ézéchias te reponn: “Yo te wè tout sa ki lakay mwen an. Nanpwen anyen pami trezò mwen yo ke mwen pa t montre yo.”

5 Konsa, Ésaïe te di a Ézéchias: “Tande [~4~]pawòl SENYÈ dèzame yo, 6 ‘Gade byen, jou yo ap vini lè [~5~]tout sa ki lakay ou ak tout sa ke papa ou yo te mete nan depo, jis rive nan jodi a, va pote ale Babylone. Anyen p ap rete’, pale SENYÈ a. 7 ‘Va gen kèk nan fis ou yo ki sòti nan ou menm, ke ou va fè. Yo va [~6~] pote ale, e yo va vin fè ofisye nan palè a wa Babylon nan.’ ”

8 Ézéchias te di a Ésaïe: “Pawòl SENYÈ ke ou te pale a, bon.” Paske li te panse: “Ap gen lapè ak verite [~7~]nan jou mwen yo.”

<- Ésaïe 38Ésaïe 40 ->