Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
18
1 Elas! O peyi a zèl k ap fè gwo bri krikèt volan yo, ki rete lòtbò rivyè a [~1~]Ethiopie yo. 2 Nou voye reprezantan yo bò lanmè a, menm sou veso fèt ak fèy papiris ki kouri sou sifas dlo. Ale, mesaje rapid yo, vè yon nasyon [~2~]wo e swa, vè yon pèp ke tout moun pè, ni sa ki pre ni sa ki lwen, vè yon nasyon pwisan ki oprime tout moun, peyi ke rivyè yo divize a! 3 Nou tout, abitan mond lan ak sila ki rete sou latè yo, depi drapo a leve sou mòn yo, [~3~]nou va wè l, e depi twonpèt la sone, n ap tande l.

4 Paske se konsa SENYÈ a te pale mwen: “Mwen va gade soti nan [~4~]kote ke M rete byen kalm la. Mwen va tankou gwo chalè nan plen solèy, tankou yon nwaj lawouze nan chalè rekòlt la.” 5 Paske [~5~]avan rekòlt la, la menm boujon yo ak flè a devni rezen ki mi; alò, Li va koupe retire nan bwa rezen ak yon sèpèt. Li va koupe retire branch k ap gaye yo. 6 Yo va lese atè ansanm pou [~6~]zwazo mòn ki manje chè yo; pou bèt latè yo. Zwazo ki manje chè yo va pase tout gran sezon an nan manje yo, e tout bèt latè yo va paske sezon rekòlt la sou yo. 7 Nan lè sa a, yon kado omaj ki sòti nan yon [~7~]pèp wo e swa va pote bay SENYÈ dèzame yo. Li va soti menm nan yon pèp ki inspire lakrent a sila ki pre, ak sila ki lwen yo; yon nasyon pwisan ki fè kalkil, ki oprime tout moun, yon peyi ke rivyè yo divize a. L ap rive nan plas ki pote non SENYÈ dèzame yo, menm Mòn Sion an.

<- Ésaïe 17Ésaïe 19 ->