6 [~5~]Nou konn tande afè ògèy Moab la, yon ògèy ki depase; afè awogans li an, ògèy li a, ak gwo kòlè li a. Pawòl anfle ògèy li pa anyen. 7 Pou sa, Moab va rele anmwey; tout sila nan Moab yo va plenyen anlè. Ou va plenyen pou [~6~]gato rezen a Kir-Haréseth kon sila konplètman frape yo. 8 Paske chan a Hesbon yo te fennen, ansanm ak chan rezen a [~7~]Sibma yo. Mèt nasyon yo te kraze gwo grap ki te pi chwazi li yo, ki te rive jis Jaezer e te lonje kote dezè yo. Branch li yo te gaye nèt e te menm pase lòtbò lanmè a. 9 Pou sa, Mwen va [~8~]kriye byen fò pou Jaezer, pou chan Sibma a. Mwen va tranpe nou nèt ak dlo k ap sòti nan zye m, O Hesbon ak Élealé, paske sou fwi gran sezon nou yo ak rekòlt nou yo gen gwo lagè. 10 [~9~]Kè kontan ak lajwa sou chan fètil la ale. Nan chan rezen yo tou, p ap genyen chante a, ni gwo kri egzaltasyon yo, ni ouvriye k ap foule diven anba pye li nan peze yo. Mwen te fè kriye sa yo sispann. 11 Pou sa, [~10~]kè mwen sone tankou ap pou Moab ak santiman anndan mwen pou Kir-Haréseth. 12 Konsa, li va rive ke lè Moab prezante tèt li, lè l fin fatige kò l sou [~11~]wo plas li e rive nan sanktiyè li a pou fè lapriyè, li p ap reyisi.
13 Se pawòl sa a ke SENYÈ a te pale avan sa sou Moab. 14 Men koulye a, SENYÈ a pale e di: “Avan twazan fin rive, jan yon [~12~]anplwaye ta konte yo, glwa a Moab la va vin degrade ansanm ak tout gwo kantite pèp li a, e retay li va vin piti e san fòs.”
<- Ésaïe 15Ésaïe 17 ->