Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 [~1~]Pa rejwi, O Israël, ak lajwa kon nasyon yo!

Paske ou te [~2~]fè pwostitisyon.
Ou te abandone Bondye ou a.
Ou te renmen salè kòb ki konn
ranmase sou nenpòt glasi vannen.
2 Glasi vannen a ak pèz diven an [~3~]p ap nouri yo,
e diven nèf la va fè yo vin twonpe.
3 Yo p ap rete nan peyi SENYÈ a,
men Éphraïm va retounen an [~4~]Égypte,
e yo va manje [~5~]sa ki pa pwòp an Assyrie.
4 Yo p ap vide ofrann bwason diven a SENYÈ a,
Ni yo p ap fè L plezi.
Sakrifis yo va tankou pen moun ki fè dèy pou mò.
Tout moun ki manje ladan va vin souye,
paske pen pa yo va sèlman pou plen vant yo.
Li p ap antre lakay SENYÈ a.[~6~]
5 [~7~]Kisa ou va fè nan jou fèt apwente a,
ak nan jou a fèt SENYÈ a?
6 Paske, gade byen, lè yo pran flit devan destriksyon,
Égypte va ranmase yo.
Moph va antere yo.
Se machacha k ap vin pran trezò ajan yo.
Se bwa pikan k ap fè tant yo.
7 Jou [~8~]pinisyon yo gen tan rive.
Jou [~9~]jijman yo gen tan rive.
Israël va konsidere Pwofèt la kon yon moun fou,
moun ki gen gwo limyè a kon plen ak foli,
akoz inikite ou yo tèlman vin anpil,
e akoz rayisman ou yo vin tèlman gran.
8 Yon pwofèt veye sou Éphraïm
avèk Bondye mwen an.
Yon pèlen moun pou kapte se nan tout chemen li yo,
e se sèl mepriz li twouve lakay Bondye li a.
9 Yo antre tèt yo byen [~10~]fon nan koripsyon,
tankou nan jou a Guibea yo.
Li va sonje [~11~]inikite yo.
Li va pini peche yo.
10 Mwen te twouve Israël
tankou [~12~]rezen yo nan dezè.
Mwen te wè papa zansèt nou yo
tankou [~13~]premye fwi sou pye fig nan premye sezon li.
Men yo te rive kote Baal-Peor;
yo te konsakre tèt yo a gwo wont,
e yo te vin abominab menm jan
ak sila ke yo te renmen a.
11 Pou Éphraïm [~14~]glwa yo va vole ale kon zwazo.
P ap gen ni nesans, ni ansent, ni konsepsyon.
12 Malgre yo leve pwòp pitit yo,
Mwen va Prive yo de yo,
jiskaske pa gen yon moun ki rete.
Wi, anverite [~15~]malè a yo menm, lè Mwen kite yo!
13 Mwen wè Éphraïm, jan Mwen te wè Tyr la,
plante nan yon bèl chan;
men Éphraïm va fè parèt ak pitit li yo pou gran masak la.[~16~]
14 Bay yo!—O SENYÈ! Kisa Ou va bay yo?
Bay yo yon ti vant foskouch [~17~] ak tete sèch.
 
15 Tout mechanste yo se nan Guilgal;
Anverite se la Mwen te rayi yo!
Akoz [~18~]mechanste a zak yo,
Mwen va chase yo sòti lakay Mwen.
Mwen p ap renmen yo ankò;
tout prens yo se [~19~]rebèl.
16 Éphraïm vin frape.
Rasin yo vin sèch.
Yo p ap bay fwi.
Menm si yo ka fè pitit,
Mwen va touye [~20~]fwi byeneme a vant yo a.
 
17 Bondye mwen an va jete yo deyò
akoz yo [~21~]pa t koute Li;
epi yo va [~22~]vin vagabon pami nasyon yo.

<- Osée 8Osée 10 ->