Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Tande bagay sa a, O prèt yo!

Prete zòrèy ou O lakay Israël!
Koute byen, O lakay wa a!
Paske jijman an se pou ou,
paske ou te yon pèlen nan Mitspa
e yon Filè ouvri sou Thabor.[~1~]
2 [~2~]Rebèl yo [~3~]desann fon nan fè masak;
men Mwen va fè chatiman rive sou Yo tout.
3 Mwen [~4~]konnen Éphraïm
e Israël pa kache devan M;
paske koulye a, O Éphraïm, ou te jwe pwostitiye.
Israël te souye tèt li.
4 Zak yo p ap pèmèt ke yo retounen jwenn Bondye yo a,
paske, yon [~5~]lespri pwostitisyon rete anndan yo.
Yo [~6~]pa konnen SENYÈ a.
5 Anplis, ògèy Israël la temwaye kont li.
Donk, Israël ak Éphraïm va tonbe nan inikite yo.
Anplis, [~7~]Juda va tonbe avèk yo.
6 Yo va ale avèk bann mouton ak twoupo yo
pou y al chache SENYÈ a,
men yo [~8~]p ap jwenn Li.
Li te [~9~]retire tèt Li kite yo.
7 Yo te [~10~]aji an trèt kont SENYÈ a,
paske yo te fè pitit ilejitim.
Koulye a nouvèl lin nan
va devore yo menm ak chan yo.
 
8 [~11~]“Soufle kòn Guibea a, twonpèt Rama a.
Sone alam Beth-Aven nan:
[~12~]Dèyè ou, Benjamin!
9 Éphraïm va vin yon kote dezole nan [~13~]jou repwòch la;
Pami tribi Israël yo, Mwen [~14~]deklare sa ki va rive.
10 Prens a Juda yo te vin tankou sila ki [~15~]deplase Bòn yo;
Sou yo, Mwen va vide tout
chalè kòlè Mwen an tankou dlo.
11 Éphraïm vin oprime,
Li vin kraze nan jijman an,
[~16~]akoz li te pran desizyon pou swiv zidòl yo.
12 Akoz sa, mwen vin tankou
yon papiyon twal pou Éphraïm
e tankou pouriti pou lakay Juda.[~17~]
 
13 “Lè Éphraïm te wè maladi li a,
e Juda, jan li te blese a;
alò, Éphraïm te ale kote Assyrie.
Li te voye kote Wa Jareb.
Men li p ap ka geri w,
ni li p ap ka fè geri maleng ou an.[~18~]
14 Paske, Mwen va tankou yon lyon pou Éphraïm,
e Mwen va tankou yon jenn lyon pou lakay Juda.
[~19~]Mwen menm, Mwen va chire an mòso
e Mwen va ale.
Mwen va pote ale, e [~20~]p ap gen
moun ki pou delivre.
15 Mwen va ale retounen nan plas Mwen,
jiskaske yo vin [~21~]rekonèt koupabilite yo,
pou chache fas Mwen.
Nan soufrans yo, y ap vin chache Mwen ak tout kè.”

<- Osée 4Osée 6 ->