1 Alò, SENYÈ a te di mwen: “Ale ankò, renmen ak yon fanm ki renmen pa yon lòt, malgre se yon fanm adiltè, menm jan [~1~]ke SENYÈ a renmen fis Israël yo, poutan, yo vire vè lòt dye yo, e yo renmen gato rezen yo.”
2 Konsa, mwen te [~2~]achte fanm nan pou yon sòm a kenz pyès ajan ak yon omè edmi lòj. 3 Mwen te di li: “Ou va rete avè m pandan anpil jou. Ou p ap fè pwostitisyon, ni ou p ap madanm a yon gason. Epi konsa, mwen va menm jan anvè ou menm.” [~3~]
4 Paske, fis Israël yo va [~4~]rete pandan anpil jou san wa ni prens, san [~5~]sakrifis, ni pilye sakre, san efòd e san zidòl lakay yo. 5 Apre sa, fis Israël yo va retounen chache SENYÈ Bondye yo a, ak [~6~]David, wa yo a. Yo va vini avèk krentif kote SENYÈ a e kote bonte Li nan dènye jou yo.
<- Osée 2Osée 4 ->