12
1 Éphraïm manje sou van,
e kouri dèyè [~1~]van lès la.
Li kontinye ap ogmante nan manti ak vyolans.
Anplis, li fè yon akò ak Assyrie
e lwil vin pote an Égypte.
2 Plis toujou, SENYÈ a gen yon kont ak Juda
e Li va pini Jacob [~2~]selon chemen li yo.
Li va rekonpanse li selon zak li yo.
3 Nan vant manman, li te [~3~]kenbe frè l pa talon;
epi lè l fin grandi, li te [~4~]lite ak Bondye.
4 Wi, li te lite ak zanj lan, e li te enpoze l;
li te kriye e li te [~5~]chache favè li.
Li te jwenn Li Béthel, e se la, Li te pale ak nou.
5 Menm SENYÈ a, Bondye dèzame yo,
SENYÈ a se [~6~]non Li!
6 Pou sa, retounen kote Bondye ou a,
[~7~]Swiv ladousè ak lajistis,
e tann Bondye ou a tout tan.
7 Men yon machann, ak [~8~]fo balans lan nan men l.
Li renmen twonpe moun.
8 Éphraïm te di: “Anverite, mwen gen tan vin rich.
Mwen te twouve richès mwen pou kont mwen;
Nan tout zèv mwen yo, yo p ap dekouvri
[~9~]okenn inikite, ki ta peche.”
9 Men Mwen menm, SENYÈ Bondye ou,
depi nan peyi Égypte la, va fè ou [~10~]viv nan tant ankò,
tankou nan jou fèt deziye yo.
10 Anplis, Mwen te pale ak pwofèt yo
e mwen te miltipliye vizyon yo;
epi selon ministè [~11~]pwofèt yo,
mwen te sèvi [~12~]parabòl.
11 Èske gen inikite nan Galaad?
Anverite, yo tout san valè.
Nan Guilgal, yo fè sakrifis towo;
wi [~13~]lotèl pa yo tankou pil wòch nan mitan chan.
12 Alò, Jacob te sove ale nan peyi Aram,
[~14~]Israël te travay pou resevwa yon madanm.
Pou yon madanm, li te fè gadyen mouton.
13 Epi pa yon [~15~]pwofèt, SENYÈ a
te mennen Israël sòti an Égypte.
Pa yon pwofèt, li te vin prezève.
14 Éphraïm te pwovoke gwo kòlè amè.
Akoz sa, Senyè li va kite [~16~]san li koule sou li,