1 Alò, menm premye akò a te gen [~1~]règleman pou adore Bondye ak sanktyè tèrès la. 2 Paske te gen [~2~]yon tabènak ki te fin prepare. Sa ki pa deyò a, nan li te gen chandelye a, tab la, ak pen sakre a. Yo rele l lye sen an.
3 Andedan [~3~]dezyèm vwal la, te gen yon tabènak ke yo te rele Sen de Sen yo. 4 Li gen yon [~4~]lotèl an lò pou lansan an, ak lach akò a ki kouvri nan tout kote avèk lò. Ladann te gen yon vaz an lò ki gen lamàn nan, ak baton Aaron an ki te boujonnen, ak tablèt akò yo. 5 Epi anwo li, se te cheriben laglwa a ki te fè lonbraj sou plas ekspiyasyon an. Men de bagay sa yo, nou pa kab pale an detay koulye a.[~5~]
6 Alò, lè bagay sa yo fin byen prepare konsa, prèt yo ap [~6~]toujou antre nan tabènak pa deyò a, pou fè adorasyon Bondye, 7 men nan dezyèm nan, se sèl wo prèt la ki antre ladann yon fwa pa ane. Men fòk li pote [~7~]san, ke li ofri pou tèt li a ak pou [~8~]peche ke pèp la te fè nan inyorans yo.
8 Lespri Sen an ap fè nou konnen sa a; [~9~]ke chemen pou antre nan lye sen an poko fin revele, pandan tabènak deyò a toujou kanpe. 9 Tabènak sila a se yon imaj pou tan prezan sila a. Selon sa a [~10~]ni kado ni sakrifis k ap ofri yo pa kapab fè adoratè a vin pafè nan konsyans li, 10 paske yo lye sèlman ak [~11~]manje, bwason, ak plizyè bagay pou lave, règleman kò ki enpoze jis pou [~12~]lè tout bagay vin nèf.
11 Men lè Kris te parèt tankou [~13~]wo prèt a bon bagay ki t ap vini yo, li te antre nan tabènak pi gran e pi pafè a, ki pa fèt avèk men; sa vle di, ki pa t sòti nan kreyasyon sila a. 12 Li pa te depann sou san kabrit ak jenn ti bèf, men [~14~]nan pwòp san pa Li. Konsa, Li te antre nan lye sen an yon fwa pou tout, akoz Li te resevwa yon redanmsyon etènèl.
13 Paske si [~15~]san a kabrit, ak towo, ak pousyè sann a yon gazèl voye sou sila ki te konwonpi yo, te sanktifye yo pou netwaye chè a, 14 konbyen anplis ke [~16~]san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an?
15 Pou rezon sila a, Li se [~17~]medyatè a yon akò tounèf. Pouke, depi yon mò gen tan fèt pou redanmsyon transgresyon ki te komèt anba premye akò a, sila yo ki te rele a, kapab resevwa pwomès a eritaj etènèl la.
16 Paske kote denyè testaman akò mò a ye, fòk gen lanmò a sila ki te fè l la. 17 Paske yon denyè testaman akò mò valab sèlman lè moun mouri, paske li pa janm an fòs pandan sila ki te fè l la toujou vivan.
18 Konsa, menm premye akò a pa t inogire san san. 19 Paske lè tout kòmandman yo te fin pale pa Moïse a tout pèp la selon Lalwa [~18~]li te pran san a towo ak kabrit [~19~]avèk dlo, lenn wouj ak izòp, e te aspèje yo ni sou liv la, ak tout pèp la. 20 E konsa li te di: [~20~]“Sa se san akò ke Bondye te kòmande nou an.”
21 Menm jan an, li te [~21~]flite tabènak la ak tout veso pou sèvis yo avèk san an. 22 Epi selon Lalwa, se [~22~]prèske tout bagay ki netwaye avèk san, e san vèsman san, nanpwen padon.
23 Konsa, li te nesesè pou kopi [~23~]a bagay ki nan syèl yo ta vin netwaye avèk san sila a, men bagay selès yo, yo menm, avèk yon pi bon sakrifis ke sa yo.
24 Paske Kris [~24~]pa t antre nan yon lye sen ki te fèt avèk men, yon kopi senp de sa ki vrè a, men nan syèl la li menm; konsa, pou l parèt nan prezans a Bondye pou nou. 25 Ni se pa t pou Li ta kab ofri tèt Li souvan, kòm [~25~]wo prèt ki antre nan lye sen an ane aprè ane avèk san ki pa pou li a. 26 Otreman, Li t ap bezwen soufri souvan depi fondasyon mond lan; men koulye a [~26~]pou yon sèl fwa nan fen tan yo, Li te vin parèt pou aboli peche yo pa sakrifis a Li menm nan.
27 Epi konsa, jan [~27~]sa apwente pou moun mouri yon sèl fwa a, e apre sa [~28~]jijman an vini an, 28 konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou [~29~]pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo.
<- Ebre Yo 8Ebre Yo 10 ->