Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Koulye a, pwen prensipal nan sa ki te di a se sa: “Nou gen yon si tèlman wo prèt ki pran plas Li [~1~]adwat a twòn Majeste a nan syèl yo.” 2 Pou Li aji kòm sèvitè nan sanktyè a, ak nan [~2~]vrè tabènak la ke Senyè a, olye lòm te fè leve.

3 Paske chak [~3~]wo prèt nonmen pou ofri ni don ni sakrifis. Konsa li nesesè pou wo prèt sila a gen yon bagay pou l ofri tou. 4 Alò, si Li te sou latè, Li pa t ap yon prèt menm, paske pou sa a, gen sila yo ki [~4~]ofri don yo selon Lalwa, 5 ki sèvi kòm yon kopi ak lonbraj a bagay selès yo, jis jan ke Moïse te avèti pa Bondye lè Li te prèt pou leve tabènak la, paske [~5~]“Veye” Li te di: “pou ou fè tout bagay selon modèl ki te montre a ou menm sou mòn nan.”

6 Men koulye a, Li vin gen yon èv ki pi ekselan, paske Li se osi [~6~]medyatè a yon pi bon akò, ki te etabli sou pi bon pwomès yo.

7 Paske [~7~]si premye akò sa a te san defo, pa t ap gen yon rezon pou yon dezyèm. 8 Paske akoz Li twouve fot nan yo, Li di:

[~8~]“Gade byen, jou yo ap vini, di Senyè a,
lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk kay Israël la
e avèk kay Juda a;
9 [~9~]Pa tankou akò ke Mwen te fè avèk zansèt pa yo
nan jou ke M te pran yo nan men
pou mennen yo sòti an Égypte la;
paske yo pa t kontinye nan akò Mwen an
e Mwen pa t okipe yo, di Senyè a.
10 [~10~]Paske sa se akò ke Mwen va fè avèk kay Israël la
apre jou sa yo, di Senyè a:
Mwen va mete Lalwa Mwen nan panse yo,
e Mwen va ekri yo nan kè yo.
Mwen va Bondye yo,
e yo va pèp Mwen.
11 [~11~]Epi yo p ap enstwi chak sitwayen parèy a yo
ak chak frè a yo, pou di: ‘Vin konnen Bondye’,
paske tout moun ap deja konnen Mwen, soti nan
pi piti jiska pi gran nan yo.
12 [~12~]Paske Mwen va gen mizerikòd pou linikite pa yo
e Mwen p ap sonje peche yo ankò.

13 Lè L te di: [~13~]“Yon akò tounèf”, Li fè premye a epwize nèt. Men, nenpòt sa ki vin epwize a, e ki vin vye, prè pou vin disparèt.

<- Ebre Yo 7Ebre Yo 9 ->