3 Paske [~4~]konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.
4 [~5~]Nou poko reziste jis rive [~6~]pou rann san nan lit nou kont peche. 5 Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo:
7 Se pou disiplin ke nou andire. [~9~]Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8 Men si nou san disiplin [~10~]kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vrè fis.
9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a [~11~]Papa a tout lespri yo, e [~12~]viv? 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou [~13~]pou nou kapab pataje sentete Li a.
11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay [~14~]fwi lapè ladwati a.
12 Konsa [~15~]ranfòse men ki manke fòs ak jenou ki fèb yo, 13 epi [~16~]fè chemen pye nou dwat, jis pou manm kò ki mal ranje a pa vin dejwente nèt, men pito vin geri.
14 [~17~]Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a. 15 Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn [~18~]rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin [~19~]konwonpi. 16 Pa kite nou gen okenn moun imoral oubyen [~20~]san Bondye tankou Esaü [~21~]ki te vann pwòp dwa eritaj li a pou yon sèl repa manje. 17 Paske nou konnen ke menm apre sa, [~22~]lè li te dezire vin eritye yon benediksyon, li te rejte, paske li pa t twouve yon plas pou repantans, malgre li te chache sa ak dlo nan zye.
18 Paske nou pa t vin kote [~23~]yon mòn ki kapab touche e ki t ap flanbe, ni a tenèb, fènwa, ak tanpèt 19 ni a [~24~]gwo kout twonpèt ak son pawòl ki sone tankou sila ki te tande l t ap [~25~]mande sekou a, pou okenn pawòl pa t pale a yo menm ankò. 20 Paske yo pa t kapab sipòte dekrè lan: [~26~]“Menm si yon bèt touche mòn nan, li va lapide ak kout wòch.” 21 Vizyon sila a te si tèlman tèrib ke Moïse te di: [~27~]“Mwen plen lakrent ak tranbleman”.
22 Men [~28~]nou menm, nou te vini sou Mòn Sion ak [~29~]vil a Bondye vivan an, Jérusalem selès la, e avèk kantite zanj ki pa t kab menm kontwole, 23 anvè gran asanble a, ak legliz premye ne yo [~30~]ki anrejistre nan syèl la, anvè Bondye, jij a tout moun nan, e anvè lespri a moun ladwati ki te fèt pafè yo, 24 epi anvè Jésus [~31~]medyatè yon akò tounèf la, e anvè [~32~]san vèse a, ki pale pi klè pase san Abel la. 25 Fè si ke nou pa refize Sila k ap pale a. Paske si sa yo pa t chape lè yo te refize li menm ki te [~33~]avèti yo sou latè a, konbyen mwens nou va chape nou menm ki vire kite Sila ki avèti nou depi nan syèl la. 26 Epi vwa Li te souke tè a nan moman an, men koulye a, Li fè yon pwomès, e Li di: [~34~]“Malgre sa, yon fwa ankò Mwen va souke, non sèlman tè a, men osi syèl la.”
27 Ekspresyon sa a: “Malgre yon fwa ankò”, fè nou konprann ke tout bagay ki te kreye, ki kapab souke [~35~]va retire, pou bagay sila ki pa kapab souke yo, kapab vin rete. 28 Konsa, akoz ke nou resevwa yon [~36~]wayòm ki pa kapab souke, annou montre rekonesans, pa sila nou kapab ofri a Bondye yon sèvis akseptab, avèk reverans ak lakrent. 29 Paske [~37~]Bondye nou an se yon dife k ap devore.
<- Ebre Yo 11Ebre Yo 13 ->