1 [~1~]Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.
2 Gade, mwen menm, Paul, di nou ke si nou resevwa [~2~]sikonsizyon, Kris p ap fè nou okenn benefis. 3 Epi mwen temwaye ankò a tout moun ki resevwa sikonsizyon, ke li anba obligasyon pou [~3~]kenbe tout Lalwa a. 4 Nou gen tan vin sevre de Kris, nou menm k ap chache vin jistifye pa Lalwa. Nou [~4~]tonbe kite lagras. 5 Paske nou menm, atravè Lespri a, pa lafwa, n ap [~5~]tann esperans ladwati a. 6 Paske nan Kris Jésus [~6~]ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.
7 Nou t ap [~7~]kouri byen! Kilès ki te vin jennen nou pou nou pa obeyi verite a? 8 Enfliyans sa a pa t sòti nan [~8~]Sila ki te fè apèl de nou an. 9 [~9~]Yon ti kras ledven fè tout boul pen an vin leve. 10 Mwen gen konfyans nan nou nan Senyè a, ke nou p ap adopte okenn lòt opinyon. Men sila k ap [~10~]twouble nou an va pote pwòp jijman pa li, nenpòt moun li ye a.
11 Men mwen, frè m yo, si mwen toujou preche sikonsizyon, poukisa mwen toujou [~11~]pèsekite? Alò, konsa blòk k ap fè moun bite a, ki se lakwa a, vin aboli. 12 Mwen swete ke sila k ap twouble nou yo ta [~12~]menm chatre pwòp kò yo.
13 Paske nou te rele pou libète, frè m yo. [~13~]Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt. 14 Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; [~14~]“Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.” 15 Men si nou [~15~]mòde e devore youn lòt, fè atansyon pou nou pa fin manje youn lòt nèt.
16 Men mwen di nou [~16~]mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo. 17 Paske [~17~]lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, [~18~]pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito. 18 Men si nou [~19~]mennen pa Lespri a, nou pa anba Lalwa. 19 Alò, zèv lachè yo klè: [~20~]Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi [~21~]konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap [~22~]eritye wayòm Syèl la.
22 Men [~23~]fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan [~24~]krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.
25 Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache [~25~]pa Lespri a. 26 Pa kite nou [~26~]vin gen ògèy, ni pwovoke youn lòt ni gen lanvi kont youn lòt.
<- Galat Yo 4Galat Yo 6 ->