1 Alò, lè lènmi a Juda yo avèk Benjamin yo te tande ke [~1~] moun egzil yo t ap bati yon tanp a SENYÈ a, Bondye Israël la, 2 yo te pwoche Zorobabel avèk chèf lakay zansèt yo. Yo te di yo: “Annou bati ansanm avèk nou, paske nou, kon ou menm, ap chache Bondye pa ou a. Nou t ap fè sakrifis a Li menm soti nan jou a [~2~] Ésar-Haddon, wa Assyrie a, ki te mennen nou monte isit la.”
3 Men Zorobabel avèk Josué ak tout lòt chèf a lakay zansèt a Israël yo te di yo: [~3~] “Ou pa gen anyen ansanm avèk nou menm nan bati yon kay a Bondye nou an, men nou menm pou kont nou, nou va bati a SENYÈ a, Bondye Israël la, [~4~]kon Cyrus, wa Perse la, te kòmande nou an.”
4 Konsa, [~5~] pèp peyi a te kòmanse dekouraje pèp Juda a, e te bay yo pwoblem bati a. 5 Konsa yo te anplwaye konseye yo kont yo pou detounen pwòp bi pa yo pandan tout jou a Cyrus yo, wa Perse la, menm jis rive nan règn Darius la, wa Perse la. 6 Alò nan règn [~6~] Assuérus la, nan kòmansman règn li a, yo te ekri yon akizasyon kont pèp Juda a avèk Jérusalem nan.
7 Nan jou a Artaxerxès yo, Bischlam, Mithredath, Thabeel ak tout lòt kolèg pa yo te ekri a Artaxerxès, wa Perse la. Lèt la te ekri nan lang Amareyen e livre [~7~] nan lang Amareyen. 8 Rehum, kòmandan an, avèk Schimchaï, grefye a, te ekri yon lèt kont Jérusalem a Wa Artaxerxès la, kon swivan. 9 Alò, ekri pa Rehum, kòmandan an, avèk Schimchaï, avèk tout lòt kolèg yo, jij yo ak [~8~] gouvènè lokal yo, ofisye yo, sekretè yo, mesye Érec yo, Babilonyen yo, mesye Suse yo, sa vle di, Elamit yo, 10 ak tout lòt nasyon ke onorab e pwisan Onsappar te depòte e retabli nan vil Samarie ak nan tout lòt rejyon lòtbò rivyè Jourdain an. [~9~]
11 Alò, sa se yon kopi a lèt sila ke yo te voye ba li a:
17 Wa a te voye reponn a Rehum, kòmandan a Schimschaï, grefye a ak tout lòt kolèg pa yo ki te rete Samarie, ak nan tout lòt pwovens ki te lòtbò Rivyè Jourdain an:
23 Depi lè kopi a dekrè a wa Artaxerxès te li devan Rehum avèk Schimschaï, grefye a avèk kolèg parèy a yo, yo te ale byen vit Jérusalem kote Jwif yo, e te fè yo sispann pa fòs a zam. 24 Alò, travay lakay Bondye Jérusalem nan te sispann jis rive nan dezyèm ane a Darius, wa Perse la.
<- Esdras 3Esdras 5 ->