6 “ ‘ “Ou va bay [~4~]vil la yon pòsyon senk-mil koude nan lajè ak venn-senk-mil koude nan longè, k ap akote pòsyon sen an. Sa va pou tout kay Israël la nèt.”
7 “ ‘ “Prens lan va gen tè a sou toude kote pòsyon sen an ki pou vil la, akote espas sen an ak tè vil la, sou kote lwès vè lwès la, e sou kote lès vè lès la, ki koresponn nan longè a youn nan pòsyon a pòsyon yo, k ap sòti nan lizyè lwès peyi a pou rive nan lizyè lès la. 8 Nan peyi a, sa va tèren pa li an Israël. Epi prens Mwen yo p ap [~5~]oprime pèp Mwen an ankò, men yo va kite lakay Israël gen tè selon tribi pa yo.”
9 “ ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Se ase! Nou menm ki prens an Israël yo! Kite vyolans ak destriksyon an pou pratike [~6~]lajistis ak ladwati! Sispann fè piyaj sou pèp Mwen an,” deklare Senyè BONDYE a. 10 “Ou va gen balans ki [~7~]peze byen, yon mezi efa ak yon mezi bat ki jis. 11 Mezi efa a ak bat la va gen menm fòs, jiskaske yon mezi bat gen yon dizyèm [~8~]omè e yon mezi efa gen yon dizyèm omè; se selon omè yo va regle. 12 [~9~]Sekèl la va gen ven gera; ven sekèl, plis venn-senk sekèl, plis kenz sekèl va sèvi kon mezi min ou.”
13 “ ‘ “Men ofrann ke ou va ofri a: yon sizyèm efa soti nan yon omè ble; yon sizyèm efa soti nan yon omè lòj; 14 Epi pòsyon lwil la jan li etabli a; yon dizyèm bat soti nan chak kò (kò a tankou omè a, gen 10 bat). 15 Epi yon mouton soti nan chak bann mouton ak de-san bèt ki soti kote ki awoze an Israël yo——pou yon [~10~]ofrann sereyal, yon ofrann brile ak ofrann lapè yo, pou fè ekspiyasyon pou yo”, deklare Senyè BONDYE a. 16 [~11~]“Tout pèp peyi a va bay ofrann sa a pou prens Israël la. 17 Se va devwa [~12~]prens lan pou founi ofrann brile yo, ofrann sereyal yo ak ofrann bwason yo nan fèt yo, nan fèt nouvèl lalin yo, nan Saba yo, nan tout fèt etabli pou lakay Israël yo. Li va founi ofrann peche a, ofrann sereyal la ak ofrann brile a, pou fè ekspiyasyon pou lakay Israël.”
18 “ ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan premye mwa a, nan premye nan mwa a, ou va pran yon jenn towo [~13~]san defo pou netwaye sanktiyè a. 19 Prèt la va pran kèk nan san soti nan ofrann peche a pou mete li sou poto pòt yo, nan [~14~]kat kwen ankadreman lotèl la ak sou poto pòtay la nan lakou enteryè a tanp lan. 20 Konsa nou va fè nan setyèm jou nan mwa a pou tout moun ki [~15~]vin egare kite chemen dwat la, oswa ki fè enpridans. Konsa ou va fè ekspiyasyon pou kay la.
21 “ ‘ “Nan premye mwa a, nan katòzyèm jou nan mwa a, ou va fè [~16~]Pak la, yon fèt pandan sèt jou; pen san ledven va manje. 22 Nan jou sa a, prens lan va founi pou tèt li ak tout pèp peyi a, yon [~17~]towo pou yon ofrann peche. 23 Pandan [~18~]sèt jou nan fèt la, li va founi kon yon ofrann brile a SENYÈ a sèt towo ak sèt belye san defo chak jou nan sèt jou yo ak yon mal kabrit chak jou kon yon ofrann peche. 24 Li va founi kon yon [~19~]ofrann sereyal, yon efa ak yon towo, yon efa ak yon belye e yon mezi lwil ak yon efa.”
25 “ ‘ “Nan [~20~]setyèm mwa a, nan kenzyèm jou a, nan fèt la, li va founi konsa, sèt jou pou ofrann peche a, ofrann brile a, ofrann sereyal la ak lwil la.”
<- Ézéchiel 44Ézéchiel 46 ->