9 “ ‘ “Nan jou sa a, [~8~]mesaje yo va ale soti devan Mwen sou bato pou entimide Ethiopie akoz lenpridans. Gwo doulè va vin sou yo menm jan ak jou Égypte la; paske gade byen, l ap vini!”
10 “ ‘Konsa pale Senyè BONDYE a:
“Anplis [~9~]Mwen va fè gwo foul lame Égypte la vin sispann
19 Konsa Mwen va [~15~]egzekite jijman sou Égypte.
Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.” ’ ”
20 Nan [~16~]onzyèm ane, nan premye mwa, nan setyèm jou nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 21 “Fis a lòm, Mwen te [~17~]kase bra Farawon an, wa Égypte la. Gade byen, li pa t velope ak pansman pou l ta geri, ni ak bandaj pou l ta ka vin gen fòs pou kenbe nepe. 22 Konsa, pale Senyè BONDYE a: [~18~]‘Gade byen, Mwen kont Farawon, wa Égypte la, e Mwen va kase bra li, ni sa ki gen fòs la ni sa ki kase deja a. Epi Mwen va fè nepe a tonbe kite men li. 23 Mwen va gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo e dispèse yo pami peyi yo. 24 Paske Mwen va ranfòse men a wa Babylone nan, e mete nepe Mwen nan men l. Men Mwen va kase bra a Farawon, pou li ka vin plenyen nan gòj devan wa Babylone nan, ak plent a yon nonm ki blese jis a lamò. 25 Konsa, Mwen va ranfòse bra a wa Babylone nan, men bra a Farawon yo va tonbe. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M mete nepe M nan men a wa Babylone nan, e lè li [~19~]lonje li kont peyi Égypte la. 26 Lè Mwen gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo, e dispèse yo pami peyi yo, alò, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’ ”