6 “ ‘ “Konsa, tout moun ki rete an Égypte va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Paske yo te sèlman yon [~5~]gòl fèt ak wozo pou lakay Israël. 7 Lè yo te kenbe ou nan men yo, ou te kraze e chire tout men ak zepòl yo, Epi lè yo te apiye sou ou, ou te kraze kwis yo.”
8 “ ‘Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va [~6~]mennen sou ou nepe a, e Mwen va koupe retire nèt de ou ni moun, ni bèt. 9 Peyi Égypte va devni yon dezolasyon ak yon savann dezole. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
13 “ ‘Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan fen karantan an, Mwen va [~10~]rasanble Ejipsyen yo soti nan pèp kote yo te gaye yo. 14 Mwen va ranvèse fòtin li yo, e fè yo retounen nan peyi [~11~]Pathros, nan peyi orijin yo. La, yo va rete yon wayòm ki fèb. 15 Li va pi fèb pami wayòm yo e li p ap janm leve tèt li ankò kon chèf lòt nasyon yo. Mwen va fè yo tèlman vin piti ke yo p ap [~12~]renye sou lòt nasyon yo. 16 Konsa, li p ap janm sèvi ankò kon konfyans pou lakay Israël la, pou l pa kontinye[~13~]pote nan tèt yo, inikite lè yo te vire kote Égypte la. Epi yo va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.” ’ ”
17 Alò, [~14~]nan venn-setyèm ane, nan premye mwa, nan premye jou nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 18 “Fis a lòm, [~15~]Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fè lame li a travay di kont Tyr; tout tèt te vin chòv e tout epòl te fwote vin fè maleng. Men li menm ak lame li pa t reyisi salè soti nan Tyre pou travay li te fè kont li an. 19 Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va bay peyi Égypte a Nebucadnetsar, wa Babylone nan. Epi li va pote fè ale tout [~16~]pèp li yo, kaptire donmaj li yo, e sezi li kon piyaj. Sa a va sèvi kon salè pou lame li a. 20 Mwen te bay li peyi Égypte pou travay ke li te [~17~]fè a, paske yo te aji pou Mwen,’ deklare Senyè BONDYE a.
21 “Nan jou sa a, [~18~]Mwen va fè yon kòn vin pouse pou lakay Israël, e Mwen va ouvri bouch ou nan mitan yo. Epi konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
<- Ézéchiel 28Ézéchiel 30 ->