1 Anplis, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 2 “Ou menm, fis a lòm, [~1~]leve yon lamantasyon sou Tyr 3 Di a Tyr, ‘Ou ki rete nan antre lanmè a, komèsan a pèp anpil peyi bò kot lanmè yo, Konsa pale Senyè BONDYE a:
“O Tyr, ou te di ‘Mwen pafè nan bèlte.’
4 Lizyè ou nan kè lanmè yo.
Sila ki te bati ou yo te fè bèlte ou pafè.
5 Yo te fè tout planch ou yo ak pye siprè Senir yo.
Yo te chache pye sèd Liban yo pou fè ma pou ou.
6 Ak chèn a Basan, yo te fè zaviwon ou yo.
Ak ban ivwa, yo te koupe fè tras sou bwa siprè
ki te fèt ak pye sèd ki te mennen sòti jis rive Kittim.
12 “ ‘ “Tarsis te kliyan ou, akoz abondans tout kalite richès ou yo. Avèk ajan, fè, fè blan, ak plon, yo te achte machandiz ou yo.
13 “ ‘ “Javan, Tubal, ak Méschec te fè komès ak ou. Ak [~6~]lavi a moun ak veso plen bwonz, yo te achte machandiz ou yo.”
14 “ ‘ “Sila nan [~7~]Beth-Togarma yo te bay cheval ak cheval lagè ak milèt pou byen ou yo.”
15 “ ‘ “Fis a [~8~]Dedan yo te fè trafik avèk ou. Anpil peyi kot lanmè yo te vin fè mache ou. Kòn ivwa ak ebèn te pote pou fè twòk.
16[~9~]“ ‘ “Syrie te fè trafik avèk ou akoz abondans byen ou yo. Yo te peye pou bagay ou yo ak pyè presye, tenti mov, zèv bwodri, len fen, koray ak pyè woubi.”
17 “ ‘ “Juda ak peyi Israël te fè komès ak ou. Ak ble ki sòti [~10~]Minnith, gato, siwo myèl, lwil ak bom, yo te peye pou machandiz ou.”
18[~11~]“ ‘ “Damas te kliyan ou akoz gwo kantite byen ou yo, akoz gwo kantite a tout kalite richès ou yo, akoz diven Helbon an ak len blan an.”
19 “ ‘ “Vendan ak Javan te peye pou bagay ki sòti Uzal yo. Fè fòje, kasya, ak kann dous te pami machandiz ou yo.”
20[~12~]“ ‘ “Dedan te fè komès ak ou nan sèl pou monte cheval.”
21 “ ‘ “Arabie ak tout prens a Kédar yo, te kliyan ou pou jenn mouton, belye ak kabrit yo. Nan tout sa yo, yo te kliyan ou.”
22 “ ‘ “Vandè a [~13~]Séba ak Raema yo te fè trafik ak ou. Yo te peye pou byen ou yo ak pi bon nan tout kalite epis, e ak tout bijou presye ak lò.”
23 “ ‘ “Charan, Canné, ak [~14~]Éden, machann a Séba, Assyrie, ak Kilmad yo te fè komès ak ou.” 24 Yo te fè komès ak ou nan bèl abiman, nan vètman an ble ak bwodri fen, nan tapi a tout koulè, ak kòd trese byen sere, ki te pami machandiz ou yo.
25[~15~]“ ‘ “Bato a Tarsis yo te transpòte machandiz ou yo.