Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
11
1 Anplis, [~1~]Lespri a te leve m monte e te mennen mwen nan pòtay lès lakay SENYÈ a ki te anfas vè lès. Epi gade byen, venn-senk mesye nan antre pòtay la e pami yo, mwen te wè Jaazania, fis a Azzur a ak Pelathia, fis a Benaja a, chèf yo a pèp la. 2 Li te di mwen: “Fis a lòm, sila yo se mesye yo ki fè plan inikite e ki [~2~]bay move konsèy nan vil sa a, 3 ka p di: ‘Tan pou bati kay yo pa pwòch. [~3~]Vil sa a se chodyè a e nou se chè a.’ 4 Akoz sa, [~4~]pwofetize kont yo, fis a lòm. Se pou ou pwofetize!”

5 Lespri SENYÈ a te tonbe sou mwen e Li te di mwen: “Pale konsa, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Konsa ou reflechi, o lakay Israël, paske [~5~]Mwen konnen panse nou yo. 6 Nou te [~6~]miltipliye moun ki touye yo nan vil sa a, e plen ri yo nèt avèk yo.”

7 “ ‘Pou sa, pale Senyè BONDYE a: [~7~]“Moun touye nou yo ke nou te fè kouche nan mitan vil la, se chè a, e vil la se chodyè a; men nou va mennen sòti ladann. 8 Nou te [~8~]pè yon nepe. Pou sa, mwen va mennen yon nepe rive sou nou,” deklare Senyè BONDYE a. 9 “Epi Mwen va mennen nou sòti nan mitan vil la. Mwen va delivre nou nan men a etranje yo, e [~9~]egzekite jijman kont nou. 10 Nou va [~10~]tonbe pa nepe. Mwen va jije nou jis rive nan lizyè Israël la. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a. 11 Vil la p ap yon [~11~]chodyè pou nou, ni nou p ap chè nan mitan l. Men Mwen va jije nou jis rive nan lizyè Israël la. 12 Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, paske nou pa t mache nan règleman Mwen yo. Ni nou pa t [~12~]swiv lalwa Mwen yo, men nou te aji selon lalwa a nasyon sila ki antoure nou yo.” ’ ”

13 Alò, li te vin rive ke pandan mwen t ap pwofetize a, ke [~13~]Pelathia, fis a Benaja a, te mouri. Epi mwen te tonbe sou figi mwen, mwen te kriye fò ak yon gwo vwa e mwen te di: “Anmwey, Senyè BONDYE! Èske Ou va mennen retay Israël la pou fin detwi nèt?” 14 Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 15 “Fis a lòm, frè ou yo, fanmi ou yo, egzile parèy ou yo ak tout lakay Israël la, yo tout, se moun a sila abitan Jérusalem yo te di: ‘Ale lwen SENYÈ a; peyi sa a te bay a [~14~]nou kon posesyon.’ ”

16 “Akoz sa, ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Byenke mwen te deplase yo byen lwen pami nasyon yo e byenke mwen te gaye yo pami peyi yo, malgre mwen va yon [~15~]abri pou yo pou yon ti tan nan peyi kote yo rive yo.” ’

17 “Akoz sa, ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va [~16~]ranmase nou soti nan pèp yo, Mwen va rasanble nou sòti nan peyi pami sila nou te gaye yo, e Mwen va bannou peyi Israël la.”

18 “ ‘Lè yo vini la, yo va [~17~]retire tout bagay abominab li yo ak tout abominasyon li yo sòti ladann. 19 Konsa, Mwen va bay yo yon sèl kè e Mwen va mete yon lespri nèf anndan yo. Epi Mwen va retire [~18~]kè wòch ki nan chè yo a, e Mwen bay yo yon kè ki fèt ak chè, 20 pou yo ka [~19~]mache nan règleman Mwen yo e kenbe lalwa Mwen yo pou fè yo. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo. 21 Men pou sila ak kè k ap swiv bagay abominab yo ak abominasyon yo, Mwen va [~20~]mennen kondwit yo desann sou tèt yo,” deklare “Senyè BONDYE a.”

22 Epi cheriben yo te [~21~]leve zèl yo ak wou akote yo e glwa a Bondye Israël la te vin pann sou yo. 23 [~22~]Glwa SENYÈ a te monte soti nan mitan vil la e te kanpe anwo mòn ki nan pati lès vil la. 24 Epi Lespri a te fè m leve e te mennen mwen nan yon vizyon pa Lespri Bondye a, bò kote egzile Chaldée yo.

Se konsa vizyon mwen te wè a, te [~23~]kite mwen. 25 Epi mwen te [~24~]di egzile yo tout bagay ke SENYÈ a te montre mwen.

<- Ézéchiel 10Ézéchiel 12 ->