3 Alò Moïse te vin rakonte a pèp la tout pawòl a SENYÈ a yo, avèk tout òdonans yo; epi tout pèp la te reponn avèk yon sèl vwa. Yo te di: [~2~]“Tout pawòl sa yo ke SENYÈ a pale, nou va fè yo!” 4 [~3~]Moïse te ekri tout pawòl SENYÈ a yo.
6 [~5~]Moïse te pran mwatye nan san an. Li te mete li nan basen yo, e lòt mwatye san an li te aspèje li sou lotèl la. 7 Epi li te pran [~6~]liv akò a, e li te li li nan zòrèy a tout pèp la. Epi yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a pale, nou va fè yo, e nou va obeyi yo.”
8 Alò, [~7~]Moïse te pran san an. Li te aspèje li sou pèp la. Li te di: “Gade byen san akò a, ke SENYÈ a te fè avèk nou selon tout pawòl sa yo.”
9 Alò, Moïse te pran Aaron, [~8~]Nadab, Abihu, ak swasann-dis nan ansyen Israël yo pou monte. 10 [~9~]Yo te wè Bondye Israël la. Anba pye li, te parèt yon choz tankou yon pave ki fèt an safì, klè tankou syèl la menm. 11 Malgre Li pa t lonje men Li kont prens Israël sa yo. [~10~]Yo te wè Bondye, yo te manje e yo te bwè.
12 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Vin monte vè Mwen nan mòn nan e rete la, epi [~11~]Mwen va bay ou tab wòch yo avèk lalwa ak kòmandman ke M te ekri pou enstwi yo.”
13 Alò, Moïse te leve avèk [~12~]Josué, sèvitè li a, e Moïse te monte nan [~13~]mòn Bondye a. 14 Men a ansyen yo li te di: “Tann isit la pou nou jis lè nou retounen kote nou. Epi gade byen, [~14~]Aaron avèk Hur isit avèk nou. Nenpòt moun ki genyen yon pwosè lalwa kapab pwoche yo.”
15 Alò Moïse te monte nan mòn nan, e [~15~]nwaj la te kouvri mòn nan.
16 [~16~]Glwa SENYÈ a te rete sou Mòn Sinai a, e nwaj la te kouvri li pandan sis jou. Nan setyèm jou a, Li te rele Moïse soti nan mitan nwaj la.
17 Nan zye a fis Israël yo, aparans glwa SENYÈ a te tankou yon [~17~]dife ki t ap ravaje sou tèt mòn nan.
18 Moïse te antre nan mitan nwaj la pandan li te monte sou mòn nan. Konsa, Moïse te rete sou mòn nan pandan [~18~]karant jou ak karant nwit.
<- Egzòd 23Egzòd 25 ->