18 SENYÈ a va renye pou tout tan, e pou tout tan.”
19 Paske cheval Farawon yo avèk cha li yo avèk mèt cheval li yo te antre nan lanmè a, e SENYÈ a te fè dlo lanmè a retounen sou yo. Men fis Israël yo te mache nan [~22~]tè sèch nan mitan lanmè a.
20[~23~]Marie, pwofetès ak sè Aaron an te pran tanbouren an nan men l. Tout fanm yo te sòti dèyè li avèk tanbouren yo. Yo t ap danse. 21 Marie te reponn yo:
[~24~]“Chante a SENYÈ a, paske Li egzalte byen wo.
Cheval la avèk Mèt Cheval la Li te voye yo nan lanmè.”
22 Alò, Moïse te mennen Israël soti kite Lanmè Wouj la. Yo te ale nan [~25~]dezè [~26~]Schur a, epi yo te vwayaje twa jou nan dezè a. Men yo pa t jwenn dlo. 23 Lè yo rive nan [~27~]Mara, yo pa t kab bwè dlo Mara a, paske li te anmè. Se pou sa yo te rele l Mara. 24 Alò, pèp la te [~28~]plenyen kont Moïse. Yo te di: “Kisa n ap bwè?”
25 Konsa, li te kriye a SENYÈ a, epi SENYÈ a te montre li yon pyebwa. Lè li te jete li nan dlo a, e dlo a te vin dous.
La menm, Li te [~29~]fè pou yo yon lòd avèk yon règleman, epi la, Li te fè yo [~30~]pase a leprèv. 26 Li te di: [~31~]“Si nou okipe byen vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, si nou fè sa ki bon nan zye Li, si nou bay zòrèy nou a [~32~]kòmandman Li yo, e kenbe lwa Li yo, Mwen p ap mete sou nou, okenn nan maladi ke M te mete sou Ejipsyen yo; paske se Mwen, SENYÈ ki geri nou an.”
27 Alò, yo te rive nan [~33~]Élim kote ki te gen douz sous dlo ak swasann-dis palmye dat yo, e yo te fè kan akote dlo a.