Egzòd
1 Alò sa yo se [~1~]non fis Israël yo ki te vini an Égypte avèk Jacob; yo chak te vini avèk fanmi pa yo: 2 Ruben, Siméon, Lévi, Juda, 3 Isacar, Zabulon, Benjamin, 4 Dan, Nephthali, Gad, ak Aser. 5 Tout moun ki te sòti nan zantray Jacob yo te [~2~]swasann-dis moun, men Joseph te deja an Égypte.
6 [~3~]Joseph te mouri, ni tout frè li yo avèk tout jenerasyon sila a. 7 Men fis Israël yo [~4~]te pwodwi anpil, yo te vin miltipliye anpil, e yo te vin trè fò, jiskaske peyi a te vin ranpli avèk yo.
8 Alò yon wa tounèf ki pa te konnen Joseph te vin leve sou Égypte.[~5~] 9 [~6~]Li te di a pèp pa li a: “Gade byen, moun a fis Israël yo vin plis, e pi fò ke nou. 10 Vini, annou [~7~]aji avèk sajès avèk yo, sinon yo va miltipliye, e si gen lagè, yo va fè alyans avèk sa ki rayi nou yo, pou goumen kont nou e kite peyi a.”
11 Konsa, yo te chwazi [~8~]sipèvizè sou yo pou aji di avèk yo pou fè yo travay pi rèd. Yo te bati pou Farawon [~9~] vil Pithom avèk Ramsès yo pou konsève sereyal. 12 Men plis ke yo t ap aflije yo, [~10~]plis ke yo t ap ogmante, e plis yo t ap grandi.
15 Alò wa Égypte la te pale avèk fanm saj Ebre yo. Youn nan yo te rele Schiparaavèk, e lòt la yo te rele Pua. 16 Li te di yo: “Lè nou ap ede fanm Ebre yo akouche, e wè yo sou chèz doulè a, si se yon gason, nou va mete l a lanmò; men si se fi, li va viv.”
17 Men fanm saj yo te [~13~]pè Bondye, yo pa t fè jan wa Égypte la te kòmande yo a, men yo te kite gason yo viv.
18 Epi wa Égypte la te rele fanm saj yo. Li te di yo: “Poukisa nou te fè bagay sa a, e kite gason yo viv la?”
19 Fanm saj yo te di a Farawon: “Akoz fanm Ebre yo pa tankou fanm Ejipsyen yo. Yo gen anpil fòs, e yo akouche pitit yo avan ke fanm saj la rive kote yo.”
20 Alò [~14~] Bondye te bay gras a fanm saj yo. Konsa, pèp Ebre a te vin miltipliye e te vin trè fò. 21 Akoz fanm saj yo te krent Bondye, Li te [~15~] bay yo gran fanmi yo. 22 Alò Farawon te kòmande tout pèp li a e te di: “[~16~]Chak fis ki ne, nou va jete l nan lariviyè Nil lan, e chak fi nou va kenbe l vivan.”
Egzòd 2 ->