Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Pou rezon sa a, mwen, Paul [~1~]prizonye a Kris Jésus a, pou koz a nou, pèp etranje yo, 2 si vrèman nou te tande de [~2~]jerans a gras Bondye ke mwen te resevwa pou livre bay nou an, 3 ke [~3~]pa revelasyon mwen te vin konnen mistè a, sou ki mwen te deja ekri kèk mo a. 4 Pa referans a sa, lè nou li, nou kapab konprann konesans mwen nan [~4~]mistè a Kris la, 5 ki, nan lòt jenerasyon yo pa t konnen pa fis a lòm yo, men koulye a li revele a [~5~]sen apot Li yo ak pwofèt yo nan Lespri a. 6 Pou detaye byen klè, ke pèp etranje yo se eritye egal e manb parèy nan kò a, epi patisipan egal nan pwomès a Kris Jésus a selon levanjil la.[~6~] 7 [~7~]Sou pwomès sa a, mwen te vin yon sèvitè selon don lagras Bondye a, ke m te resevwa selon travay pouvwa Li a. 8 A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout [~8~]richès ensondab a Kris yo. 9 Epi pou fè tout moun wè, sa ki se jerans a [~9~]mistè a ki te kache pandan tan yo nan Bondye, ki te kreye tout bagay yo. 10 Pou tout sajès a Bondye a ta kapab [~10~]vin konnen koulye a atravè legliz la, a tout [~11~]pouvwa ak otorite nan lye selès yo. 11 [~12~]Sa te an akò avèk plan etènèl la ke Li te reyalize nan Kris Jésus, Senyè nou an. 12 Nan [~13~]Li menm, nou gen kouraj pa lafwa pou apwoche Li ak konfyans. 13 Konsa, mwen mande nou pou nou pa dekouraje nan tribilasyon m ap pase[~14~]pou nou yo, paske yo se glwa nou.

14 Pou rezon sila a, mwen [~15~]koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris. 15 Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo, 16 pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan. 17 Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou, 18 pou nou kapab konprann avèk tout sen yo [~16~]sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a, 19 epi pou nou konnen [~17~]lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.

20 Koulye a, a Li menm ki [~18~]kapab fè bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an, 21 [~19~]a Li menm laglwa nan legliz la ak nan Kris Jésus a, a tout jenerasyon yo pou tout tan e pou tout tan. Amèn.

<- Efezyen Yo 2Efezyen Yo 4 ->