5 Gen yon mal mwen konn wè anba solèy la, tankou yon fot ki sòti nan sila k ap gouvène a—— 6[~4~]Foli plase nan anpil kote byen wo pandan rich yo chita kote ki ba. 7 Mwen konn wè esklav ki [~5~]monte sou cheval ak prens k ap mache atè tankou esklav. 8[~6~]Sila ki fouye fè yon twou ka byen tonbe ladann, e yon sèpan ka mòde gèrye a ki kraze yon miray. 9 Sila ki taye wòch yo ka blese ladann, e sila ki fann gwo bout bwa a kapab an danje. 10 Si rach la pa gen tay, e li pa file pwent li; alò, li va egzije plis fòs. Avantaj a sajès se reyisi!
11 Si sèpan an mòde [~7~]avan li vin chame, nanpwen pwofi. 12[~8~]Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt; 13 Kòmansman diskou ensanse a se foli, e fen diskou li se plen [~9~]mechanste ak betiz 14 Malgre tout sa, moun ensanse a ogmante pawòl li yo.
Pèsòn pa konnen sa ki va rive, e kilès kab di li [~10~]sa ki va rive apre li. 15 Zèv a moun ensanse a tèlman fatige l ke li pa konnen kijan pou li rive nan vil la.
16 Malè a ou menm, O peyi ki gen jenn ti gason kon wa;
ak prens yo k ap fè fèt granmaten.
17 Beni se ou menm, O peyi ki gen yon fis byen prepare kon wa a