Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
10
1 “Nan tan sa a, SENYÈ a te di mwen: [~1~]‘Taye fòme pou kont ou de tab wòch tankou premye yo, monte kote Mwen sou mòn nan, e [~2~]fè yon lach an bwa pou kont ou. 2 [~3~]Mwen va ekri sou tab yo pawòl ki te nan premye tab ke ou te kraze yo, e ou va mete yo nan lach la.’

3 “Konsa, mwen te fè yon lach avèk bwa akasya e mwen te [~4~]taye de tab wòch tankou premye yo, e mwen te monte sou mòn nan avèk de tab yo nan men m. 4 Li te ekri sou tab yo tankou premye ekriti a, [~5~]Dis Kòmanman [~6~]ke SENYÈ a te pale a nou menm sou mòn nan soti nan mitan dife a nan jou asanble a; epi SENYÈ a te ban mwen yo. 5 Konsa, mwen te vire [~7~]desann kite mòn nan. Mwen te [~8~]mete tab yo nan lach ke mwen te fè a, epi se la yo ye, jan SENYÈ a te kòmande mwen an.”

6 (Alò, fis Israël yo te kite Beéroth-Bene-Jaakan pou rive Moséra. [~9~]La Aaron te mouri, la li te antere, e fis li a, Éléazar te fè sèvis prèt nan plas li. 7 [~10~]Soti la, yo te pati pou Gudgoda e soti Gudgoda a Jothbatha, yon peyi avèk anpil ti flèv dlo. 8 Nan moman sa a, SENYÈ a te mete apa tribi Lévi a pou pote lach akò SENYÈ a, pou kanpe devan Li, pou sèvi Li e pou beni nan non Li jiska jodi a.[~11~] 9 [~12~] Akoz sa, Lévi pa gen pòsyon ni eritaj pami frè li yo; SENYÈ a se eritaj pa li, jis jan SENYÈ a, Bondye nou an, te pale a li a.

10 [~13~]“Mwen anplis te rete sou mòn nan pandan karant jou ak karant nwit tankou premye fwa a; epi SENYÈ a te koute mwen fwa sa a tou. SENYÈ a pa t dakò detwi nou. 11 Alò, SENYÈ a te di mwen: ‘Leve, ale nan vwayaj ou devan pèp la, pou yo kapab antre ladann e posede peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M bay yo a.’

12 [~14~]“Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, [~15~]renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou, 13 pou kenbe kòmandman SENYÈ a avèk lwa Li yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a pou pwòp avantaj pa nou.

14 “Gade byen, syèl la avèk syèl piwo yo se [~16~]pou SENYÈ a, Bondye nou an, ansanm ak [~17~]tè a, avèk tout sa ki ladann. 15 [~18~]Sèl SENYÈ a te gen plezi pou mete sou zansèt nou yo afeksyon Li. Li te renmen yo, e Li te chwazi desandan yo apre yo, nou menm devan tout lòt pèp yo, jan li ye jodi a menm. 16 [~19~]Pou sa, se pou nou sikonsi kè nou, e [~20~]pa kite kè nou di ankò.

17 [~21~]“Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e [~22~]SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab. 18 Li fè jistis pou [~23~]òfelen ak vèv la, e Li montre amou Li pou etranje a lè Li ba li manje avèk rad. 19 [~24~]Pou sa, montre amou pa nou vè etranje a, paske nou te etranje nan peyi Égypte la.

20 “Nou va krent SENYÈ a, Bondye nou an. Nou va sèvi Li. [~25~]Kole kote Li, e [~26~]nou va sèmante pa non pa Li. 21 Se Li menm ki [~27~]lwanj nou, se Li menm ki Bondye nou, se Li menm ki te fè gran bagay etonan sa yo pou nou ke zye nou te wè. 22 [~28~]Zansèt nou yo te desann an Égypte, swasann-dis pèsòn antou. Epi koulye a, SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou vin anpil tankou zetwal syèl yo.

<- Detewonòm 9Detewonòm 11 ->