5 Epi mwen menm, Daniel te gade, e vwala, de lòt moun te kanpe, youn sou bò rivyè sa a, e lòt la sou lòtbò a. 6 Konsa youn te di a mesye [~9~]abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a: [~10~]“Konbyen tan pou rive nan fen a bagay mèvèy sila yo?”
7 Mwen te tande nonm abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a, lè l te [~11~]Leve men dwat li ak men goch li vè syèl la. Li te jire pa li menm ki viv pou tout tan an, ki li va pou [~12~]yon tan, tan yo, ak yon mwatye tan. Lè yo fin kraze pouvwa a pèp sen an, tout evenman sila yo va fini.
8 Konsa, mwen te tande, men mwen pa t ka konprann. Akoz sa, mwen te di: “Senyè mwen, kisa ki va fen a evenman sila yo?”
9 Li te di: “Ale, Daniel, paske pawòl sila yo kache e sele nèt, jiska moman lafen an. 10 Anpil moun va pirifye tèt yo, e fè tèt yo blan pou vin rafine, men mechan yo va aji ak mechanste. Konsa okenn nan mechan yo p ap konprann, men sila ki gen sajès yo va konprann.
11 “Soti nan lè ke sakrifis nòmal la te vin aboli a [~13~]abominasyon ak dezolasyon vin monte a, va genyen mil-de-san-katreven-dis (1,290) jou. 12 Beni se sila ki va tann, e rive jis nan [~14~]Mil-twa-san-trann-senk (1,335) jou yo.
13 “Men ou menm, kontinye fè wout ou, jis rive nan fen an. Paske ou va antre nan [~15~]repo, e ou va kanpe ankò pou pòsyon eritaj pa ou a nan fen jou yo.”
<- Daniel 11