1 Mèt yo, bay esklav nou yo sa ki jis e rezonab, epi [~1~]konnen ke nou osi gen yon Mèt nan syèl la.
2 [~2~]Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman. 3 Priye an menm tan pou nou menm osi, pou Bondye kapab ouvri pou nou yon [~3~]pòt pou pawòl la, pou nou kapab pwoklame [~4~]mistè a Kris la, akoz se pou li menm, mwen menm osi gen tan anprizone, 4 pou m kapab fè li klè [~5~]nan fason ke m ta dwe pale a.
5 [~6~]Kondwi tèt nou avèk sajès anvè moun deyò yo, pou [~7~]fè plis ke posib avèk tan an. 6 [~8~]Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.
7 [~9~]Pou tout afè mwen yo, Tychique, frè byeneme, sèvitè fidèl ak sèvitè-atache parèy m nan Senyè a, va pote enfòmasyon bannou. 8 [~10~]Paske mwen gen tan voye li kote nou eksprè pou rezon sa a, pou nou kapab konnen sikonstans nou yo e pou li kapab [~11~]ankouraje kè nou. 9 Epi avèk li [~12~]Onésime, frè byeneme e fidèl nou an, ki se youn nan nou. Yo va enfòme nou sou tout sitiyasyon an isit la.
10 Aristarque, prizonye parèy a mwen an, voye salitasyon bannou; ak Marc, kouzen a [~13~]Barnabas la, (se sou li, nou te resevwa enstriksyon yo; si li vin kote nou, resevwa l byen). 11 Anplis, Jésus ke yo rele Justus la. Sa yo se sèl ouvriye pou wayòm Bondye [~14~]ki sòti nan sikonsizyon an, e yo te ankouraje mwen anpil.
12 [~15~]Épaphras, ki se youn nan nou, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, voye salitasyon bannou. Li ap toujou batay rèd pou nou nan priyè li yo, pou nou kapab kanpe konplè e byen asire nan tout volonte Bondye a. 13 Paske mwen fè temwayaj li, ke li gen yon gwo sousi pou nou ak pou sila ki [~16~]Laodicée ak Hiérapolis yo. 14 [~17~]Luc, doktè byeneme a, voye salitasyon li bannou, e Démas tou. 15 Salye frè ki Laodicée yo e osi Nymphas ak [~18~]legliz ki lakay li a. 16 Lè lèt sa a li pami nou, kite yo li l osi nan legliz Lawodiseyen yo; e nou menm, pou pati pa nou [~19~]li lèt mwen an k ap vini soti Laodicée a. 17 Epi di [~20~]Archippe, “Byen okipe [~21~]èv ke nou te resevwa nan Senyè a, pou nou kapab akonpli li”.
18 Mwen, Paul, mwen [~22~]ekri salitasyon sa a avèk pwòp men mwen. Sonje [~23~]chenn mwen yo. Ke lagras avèk nou.
<- Kolosyen Yo 3