1 Saul te fin dakò nèt ak lanmò li.
3 Men [~1~]Saul te kòmanse ravaje legliz la. Li t ap antre de kay an kay pou rale fè sòti ni fanm, ni gason pou mete yo nan prizon.
4 Konsa [~2~]sila ki t ap gaye konsa yo, te ale toupatou e te preche pawòl la.
5 [~3~]Philippe te desann nan vil Samarie. Li te kòmanse preche Kris la bay yo.
6 Foul la avèk yon sèl panse t ap bay atansyon yo a sa ke Philippe te di yo, paske yo te wè e te tande mèvèy ke li t ap fè yo. 7 Paske nan ka anpil moun ki te genyen lespri enpi yo, lespri yo t ap sòti nan yo. Yo te sòti pandan yo t ap rele avèk yon gwo vwa, e anpil moun ki te [~4~]paralize e bwate te geri. 8 Donk, te gen [~5~]anpil moun ki t ap rejwi nan vil sila a.
9 Alò, te gen yon nonm yo te rele Simon, ki te konn pratike [~6~]maji nan vil la. Li t ap fè pèp Samarie a sezi, konsi li t ap vante tèt li, ke li menm te yon moun pwisan.
10 Konsa, yo tout, soti nan pi piti jiska pi gran, te ba li anpil atansyon, e te di: [~7~]“Mesye sila a se li ke yo rele Gran Pouvwa Bondye a.” 11 Yo te koute li, paske pandan anpil tan li te konn etone yo avèk [~8~]metye maji sila a.
12 Men lè yo te kwè Philippe ki t ap [~9~]preche bòn nouvèl wayòm Bondye a nan non Jésus Kris la, yo t ap batize; fanm, kou gason menm jan an. 13 Menm Simon te vin kwè, epi apre li te batize li te kontinye avèk Philippe. Akoz li te wè anpil [~10~]sign ak [~11~]mirak ki t ap fèt, li te etone tout tan.
14 Alò, lè [~12~]apòt nan Jérusalem yo te tande ke Samarie te resevwa pawòl Bondye a, yo te voye [~13~]Pierre avèk Jean bay yo. 15 Lè yo te vin desann, yo te priye [~14~]pou yo ta kapab resevwa Lespri Sen an. 16 Paske Li [~15~]potko tonbe sou okenn nan yo. Yo te sèlman batize nan non Senyè a Jésus. 17 Alò, yo te [~16~]mete men sou yo, epi yo te [~17~]resevwa Lespri Sen an.
18 Koulye a, lè Simon te wè ke Lespri a te bay lè apòt yo te poze men sou moun yo, li menm te ofri yo lajan. 19 Li te di: “Ban mwen otorite sila a osi, pou tout sila ke m poze men m sou yo kapab resevwa Lespri Sen an.”
20 Men Pierre te di li: “Ke lajan ou an peri avè w, paske ou te panse ke ou ta kapab [~18~]vin genyen don Bondye a avèk lajan. 21 Ou pa gen [~19~]ni pati ni plas nan bagay sa a, paske kè ou pa dwat devan Bondye. 22 Pou sa, repanti de mechanste ou, e priye Senyè a pou, [~20~]si posib, entansyon kè ou kapab vin padone. 23 Paske mwen wè ke ou nan fyèl anmè e [~21~]mare nan inikite.”
24 Men Simon te reponn e te di: [~22~]“Priye a Senyè a pou mwen, nou menm, pou anyen nan sa nou di yo pa vin rive m.”
25 Alò, lè yo te fin temwaye solanèlman, e te pale [~23~]pawòl Senyè a, yo te fè wout yo pou retounen Jérusalem. Konsa, tou, yo te [~24~]preche bòn nouvèl la nan anpil vilaj Samariten.
26 Men [~25~]yon zanj Senyè a te pale ak Philippe e te di: “Leve, ale nan sid nan wout ki desann soti Jérusalem vè Gaza a.” (Sa se yon wout nan dezè.)
27 Konsa, li te leve ale, epi konsa, [~26~]te gen yon lenik Etyopyen, yon ofisye atache a Candace, larèn Etyopyen yo. Li te an chaj tout trezò li, e [~27~]te la nan Jérusalem pou adore Bondye. 28 Li t ap retounen, epi pandan li chita nan cha li, li t ap li liv pwofèt Ésaïe a.
29 Alò [~28~]Lespri a te di Philippe: “Ale jwenn cha sila a”.
30 Philippe te kouri kote li. Konsa, li te tande ke li t ap li Ésaïe pwofèt la, epi li te mande l: “Èske ou konprann sa w ap li a?”
31 Li te reponn: “Kijan mwen ta kapab, amwenske yon moun gide m?” Li te envite Philippe monte chita avè l.
32 Alò, pòsyon lekriti li t ap li a se te sila a:
34 Lenik lan te reponn Philippe e te di: “Silvouplè, a kilès pwofèt la ap di sa a? A li menm, oubyen a yon lòt?”
35 Alò, Philippe te louvri bouch li e te [~31~]kòmanse soti nan lekriti sen sila a, li te preche Jésus a li menm.
36 Pandan yo t ap prale nan wout la, yo te vin toupre yon dlo. Konsa, linik lan te di: [~32~]“Men gade, dlo! Kisa ki anpeche m ta batize.” 37 Philippe te reponn: “Si ou kwè avèk tout kè ou, ou kapab.” Li te reponn e te di: “Mwen kwè ke Jésus Kris se Fis Bondye a.” 38 Li te kòmande cha a rete. Yo tou de te desann nan dlo a, Philippe avèk lenik lan, e li te batize li.
39 Lè yo te sòti nan dlo a, [~33~]Lespri Senyè a te vin pran Philippe, e lenik lan pa t wè l ankò, men te kontinye wout li ak rejwisans.
40 Men Philippe te twouve li menm nan [~34~]Azot. Pandan li t ap travèse, li te [~35~]kontinye preche bòn nouvèl la nan tout vil yo jiskaske li te rive Césarée.
<- Travay 7Travay 9 ->✡8:5 Trav 6