1 Wo prèt la te di: “Èske bagay sa yo se vrè?”
2 Li te di: “Koute m [~1~]frè m yo ak [~2~]ansyen mwen yo!” Bondye laglwa a te parèt devan zansèt nou, Abraham lè li te nan Mésopotamie, avan ke li te rete Charran. 3 E Li te di li: [~3~]“Kite peyi ou, ak fanmi ou, pou vini nan peyi ke Mwen menm va montre ou a”.
4 [~4~]Konsa, li te kite peyi a Kaldeyen yo pou vin rete nan Charran. [~5~]Depi la, lè papa l te vin mouri, Bondye te fè l deplase vin nan peyi sila a kote nou rete koulye a. 5 Men Li pa t ba li yon eritaj ladann, ni menm yon moso tè, men menm lè li pa t gen pitit, [~6~]Li te pwomèt li ke Li ta ba li sa kòm yon posesyon, e a desandan aprè li yo.
6 Men [~7~]Bondye te pale konsa: Ke desandan li yo ta etranje nan yon peyi etranje, pou yo ta nan esklavaj e maltrete pandan kat-san lane. 7 “Epi nenpòt nasyon ki ta mete yo nan esklavaj, Bondye te di: ‘Mwen Menm, Mwen va jije’, [~8~]epi apre sa, yo va sòti la pou sèvi Mwen nan plas sila a.”
8 Li [~9~]te bay li akò sikonsizyon an, epi [~10~]Abraham te vin papa a Isaac, Li te sikonsi li nan uityèm jou a. Isaac te vin papa a Jacob, e Jacob a douz patriyach yo.
9 Patriyach yo [~11~]te vin jalou de Joseph e yo te vann li an Égypte. Men Bondye te avèk li 10 e Li te delivre li nan tout afliksyon li yo. Konsa li [~12~]te bay li favè avèk sajès devan Pharaon, wa Égypte la, e te fè li vin gouvènè sou Égypte, ak tout lakay li.
11 Alò [~13~]yon gwo grangou te parèt nan tout Égypte ak Canaan, avèk gwo mizè, e zansèt nou yo pa t kab twouve manje. 12 Men [~14~]lè Jacob te tande ke te gen manje an Égypte, li te voye zansèt nou yo la pou premye fwa a.
13 Nan dezyèm vizit la [~15~]Joseph te fè frè l yo dekouvri ki moun li te ye, e[~16~]fanmi Joseph te vin entwodwi a Pharaon. 14 Alò [~17~]Joseph te voye envite Jacob, papa li avèk tout fanmi li pou vin kote l. Te gen swasann-kenz moun antou.
15 Konsa, [~18~]Jacob te desann an Égypte e li menm avèk zansèt nou yo te mouri la. 16 Depi la kò yo te deplase retounen nan [~19~]Sichem, pou te antere yo nan tonm nan ke Abraham te achte pou yon sòm lajan nan men fis a Hémor an Sichem yo.
17 Men pandan [~20~]tan a pwomès ke Bondye te pwomèt a Abraham nan t ap pwoche [~21~]pèp la te vin ogmante e te miltipliye an Égypte, 18 jiskaske [~22~]Yon lòt wa te leve sou Égypte ki pa t konnen anyen de Joseph. 19 Se te li menm ki te sèvi gwo koken pou pran avantaj sou ras nou an, e maltrete zansèt nou pou yo ta kab [~23~]fè zanfan pa nou yo pa t kab viv.
20 Se te nan tan sila a ke [~24~]Moïse te ne. Li te byen bèl nan zye Bondye, e li te okipe pandan twa mwa lakay papa li. 21 Epi lè l te abandonen, fi [~25~]Pharaon an te pran li e te nouri li kòm pwòp fis pa li. 22 Moïse te enstwi nan tout [~26~]konesans Ejipsyen an, e li te vin yon nonm byen fò nan pawòl ak nan zak.
23 Men lè l t ap pwoche laj karant ane, [~27~]sa te antre nan tèt li pou vizite frè li yo, fis Israël yo.
24 Konsa, lè l te wè youn nan yo byen maltrete, li te defann li, e te vanje pou sila ki te oprime a, e konsa, te touye Ejipsyen an. 25 Li te sipoze ke frè li yo te konprann ke Bondye t ap bay yo delivrans atravè li menm, men yo pa t konprann.
26 [~28~]“Nan jou swivan an, li te parèt a yo menm pandan yo t ap goumen youn avèk lòt. Li te eseye rekonsilye yo nan lapè e te di: ‘Moun yo, se frè nou ye. Poukisa nou ap fè mal a youn lòt?’
27 “Men sila ki t ap fè frè l la mal la te bourade l e te di: [~29~]‘Kilès ki te fè ou yon chèf ak jij sou nou? 28 [~30~]Èske ou gen entansyon touye m menm jan ke ou te touye Ejipsyen an ayè a?’
29 “Akoz pawòl sila a [~31~]Moïse te sove ale, e te vin yon etranje nan peyi Madian, kote li te vin papa a de fis.
30 “Apre karant ane te pase, [~32~]Yon zanj te parèt a li menm nan dezè Mòn Sinaï nan flanm a yon touf bwa. 31 Lè Moïse te wè l, li te etone de sa l te wè a. Lè l te pwoche pou gade pi pre, vwa Senyè a te vini sou li: 32 [~33~]‘Mwen menm se Bondye a zansèt nou yo, Bondye Abraham nan, Isaac ak Jacob la’. Moïse te tranble avèk laperèz e pa t menm vle pran chans gade.
33 [~34~]“Men SENYÈ a te di l: ‘Retire sapat nan pye ou, paske lye kote ou kanpe a se tè sen. 34 [~35~]Mwen anverite wè soufrans pèp Mwen an an Égypte e tande plent yo, e Mwen gen tan vini desann pou delivre yo. Vini koulye a e Mwen va voye ou an Égypte.’
35 “Menm Moïse sila a ke yo te [~36~]rejte lè yo te di: ‘Kilès ki te fè ou yon chèf e yon jij?’ Se sila a ke Bondye te voye pou li ta kapab non sèlman yon chèf, men yon liberatè avèk èd zanj ki te parèt kote li nan touf bwa a. 36 [~37~]Mesye sila a te mennen yo sòti, e te fè [~38~]mèvèy ak sign nan peyi Égypte, ak nan Lamè Wouj, epi pandan karant ane nan dezè a. 37 Se te Moïse sila a ki te di a fis Israël yo: [~39~]‘Bondye va fè leve pou nou yon pwofèt tankou mwen ki sòti nan frè nou yo.’
38 “Sa se li menm ki te nan [~40~]asanble nan dezè a; ki te avèk zanj ki t ap pale avè l sou Mòn Sinaï a, e avèk zansèt nou yo, ki te te resevwa [~41~]pawòl vivan yo pou pase bannou.
39 “Zansèt nou yo pa t dakò obeyisan a li menm, men yo te [~42~]rejte l, e nan kè yo, yo te vire tounen an Égypte. 40 [~43~]Konsa yo di a Aaron: ‘Fè pou nou dye yo ki va ale devan nou. Paske Moïse sila a ki te mennen nou sòti an Égypte la, nou pa menm konnen kisa ki rive li.’ 41 Nan tan sa a yo te fè yon jenn bèf. Yo te pote yon sakrifis pou zidòl la, e yo t ap rejwi yo nan [~44~]zèv a pwòp men yo.
42 “Men Bondye te vire do Li, e te livre yo pou adore dye a zetwal syèl yo, jan sa ekri nan liv pwofèt yo:
44 “Zansèt nou yo te gen [~47~]tabènak temwayaj nan dezè a, menm jan ke Sila ki te pale avèk Moïse la te kòmande li pou [~48~]fè, selon modèl ke li te wè a.
45 “Konsa, zansèt nou yo ki te resevwa li nan lè pa yo, te [~49~]pote li avèk Josué lè l te depouye nasyon ke Bondye te chase devan yo jis rive nan tan David la. 46 [~50~]David te twouve favè nan zye Bondye, e te mande pou li ta kapab jwenn yon mezon pou Bondye Jacob la abite. 47 Men se te [~51~]Salomon ki te bati yon kay pou Li.
48 “Poutan [~52~]Trè Wo a pa rete nan kay ki fèt pa men moun, jan pwofèt la di a:
51 “Nou menm, ki se moun [~54~]kou rèd e ensikonsi nan kè, avèk zòrèy ki toujou ap reziste a Lespri Sen an, n ap fè menm bagay ke zansèt nou yo te konn fè yo. 52 [~55~]Kilès nan pwofèt yo ke zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo te touye sila yo ki avan lè te anonse ke [~56~]Sila Ki Jis la t ap vini; ke nou menm koulye a trayi e asasine. 53 Nou menm ki te resevwa Lalwa kòm yon [~57~]òdonans pa zanj yo, te vyole li.”
54 Alò, lè yo te tande sa, yo te [~58~]blese byen fon, e t ap manje dan yo sou li.
55 Men [~59~]ranpli avèk Lespri Sen an, li te fikse zye l anwo nan syèl la e te wè glwa Bondye ak Jésus ki t ap kanpe bò men dwat Bondye. 56 Li te di: “Gade byen, Mwen wè [~60~]syèl la vin louvri, e Fis a lòm nan ki kanpe bò men dwat Bondye.”
57 Konsa yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e te kouvri zòrèy yo. Yo te kouri sou li ansanm a lafwa, 58 e lè yo te fin pouse li [~61~]deyò vil la, yo te kòmanse lapide l avèk wòch. Temwen sila yo te [~62~]depoze vètman yo nan pye a yon jennonm yo te rele Saul.
59 Yo te kontinye lapide Étienne pandan li te [~63~]rele Senyè a, e te di: “Senyè Jésus, resevwa Lespri mwen”. 60 Konsa, [~64~]li te tonbe sou jenou li, e te kriye avèk yon gwo vwa: “Senyè, pa kenbe peche sa a kont yo!” Lè l fin di sa, li te mouri.
<- Travay 6Travay 8 ->