Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Pandan yo t ap pale ak pèp la, prèt avèk kaptenn gad tanp lan avèk [~1~]Sadiseyen yo te rive kote yo. 2 Yo te byen deranje paske yo t ap enstwi pèp la e t ap pwoklame [~2~]nan non Jésus rezirèksyon a lanmò yo. 3 Yo te mete men sou yo, e te [~3~]mete yo nan prizon pou jis rive nan demen, paske li te gen tan fènwa. 4 Men anpil nan sila yo ki te tande mesaj la te kwè, e [~4~]fòs kantite moun ki te kwè yo te vini toupre senk-mil.

5 Nan landemen, [~5~]chèf yo, avèk ansyen ak skrib yo te reyini ansanm nan Jérusalem. 6 [~6~]Anne, wo prèt la te la, avèk Caïphe, Jean, Alexandre, ak tout sila ki te desandan wo prèt yo. 7 Lè yo te kanpe yo nan mitan yo, yo te kòmanse mande yo: “Pa ki pouvwa, oswa nan ki non nou te fè sa a?”

8 Alò, Pierre [~7~]ranpli avèk Lespri Sen an, te di yo: “Chèf ak ansyen a pèp la, 9 Si nou parèt devan tribinal jodi a pou [~8~]benefis ki fèt a yon moun malad, kòmsi, kijan nonm sa a te fè geri, 10 kite li byen konnen pami nou tout, ak tout Israël, ke [~9~]pa non a Jésus Kri, Nazareyen ke nou te krisifye a, ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, pa non de sila a menm, mesye sa a a kanpe devan nou an bòn sante. 11 ‘Se Li menm ki [~10~]wòch ki te rejte pa nou menm ki t ap bati yo, men ki vin fè wòch ang prensipal la.’

12 “Konsa, pa gen sali nan [~11~]okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”

13 Alò, lè yo te wè [~12~]konfyans a Pierre avèk Jean, e te konprann ke yo pa t gen anpil edikasyon ni enstriksyon, yo te etone. Yo [~13~]te rekonèt yo kon moun ki te avèk Jésus yo. 14 Epi lè yo te wè mesye ki te geri a te kanpe la avèk yo, yo pa t gen repons pou bay.

15 Men lè yo fin mande yo [~14~]kite konsèy la, yo te fè konferans ansanm. 16 Yo te di: “Alò [~15~]kisa pou nou fè avèk mesye sa yo? Paske li byen klè a tout sila ki rete Jérusalem yo ke [~16~]yon mirak byen enpòtan te fèt pa yo, e nou pa kapab di ke se pa vrè.

17 “Men pou sa pa rive pi lwen pami pèp la, annou avèti yo pou yo pa pale ankò a okenn moun [~17~]nan non sila a.” 18 Yo te rele yo, e te [~18~]kòmande yo pou yo pa pale ni enstwi menm nan non Jésus a.

19 Men Pierre avèk Jean te reponn yo e te di: [~19~]“Si li bon devan Bondye pou obeyi a nou menm olye a Bondye, nou mèt jije. 20 Paske [~20~]nou menm, nou pa kapab sispann pale sa ke nou te wè ak tande.”

21 Konsa, lè yo te fin menase yo anplis, yo te lage yo, paske yo pa t kapab twouve baz pou pini yo, e [~21~]akoz perèz a pèp la, paske yo tout t ap [~22~]bay Bondye glwa pou sa ki te rive a. 22 Paske mesye a ki te resevwa mirak sila a, te gen plis ke karant ane.

23 Lè yo te fin lage yo, yo te ale bò kote moun pa yo, e te rapòte a tout moun sa ke chèf prèt yo avèk ansyen yo te di yo. 24 Lè yo te tande sa, yo te leve vwa yo a Bondye ansanm, e te di: “O Bondye, se te Ou menm ki te [~23~]fè syèl la ak tè a, lanmè, ak tout sa ki ladann, 25 ki [~24~]pa Lespri Sen an, selon bouch a Zansèt nou David te di:

[~25~]‘Poukisa nasyon yo anraje konsa;
e poukisa pèp yo anvizaje yon bagay anven?
26 [~26~]Wa sou latè yo ap pran pòz yo
e gwo chèf yo ap mete tèt yo ansanm kont Senyè a
ak kont Kris Li a.’

27 “Paske vrèman, nan vil sa a, yo te rasanble ansanm kont [~27~]sèvitè sen Ou an, Jésus, ke ou menm te onksyone a; Hérode ak Ponce Pilate ansanm avèk nasyon payen yo ak pèp Israël la, 28 pou fè nenpòt bagay ke men Ou ak [~28~]volonte Ou te deja planifye, pou fèt. 29 E koulye a, Senyè, byen gade menas ke yo fè, e kite sèvitè ki mare ak Ou yo [~29~]pale pawòl Ou avèk tout konfyans, 30 pandan W ap lonje men Ou pou fè gerizon [~30~]sign ak mirak yo k ap fèt nan non a sèvitè Sen Ou an, Jésus.”

31 Lè yo te fin priye, plas kote yo te reyini an te vin souke. Yo tout te [~31~]ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te [~32~]pale pawòl Bondye a avèk kouraj.

32 Tout nan gran foul a ki te kwè yo te vin yon sèl nan kè ak nanm. Pa t gen youn nan yo ki te gen byen ki te reklame pou pwòp tèt yo, men [~33~]tout bagay te pou tout moun. 33 [~34~]Avèk gran pouvwa, apòt yo t ap bay temwayaj a rezirèksyon Jésus Kris la, e lagras an abondans te vini sou yo tout. 34 Paske pa t gen yon moun pami yo ki te nan bezwen, pwiske sila ki te mèt tè yo oubyen kay yo [~35~]te vann yo e pote benefis a vant lan bay, 35 pou [~36~]mete yo nan pye apòt yo. Konsa, yo [~37~]te distribiye a chak en ki te gen nenpòt bezwen.

36 Joseph, yon Levit ki te ne an [~38~]Chypre ke yo te rele osi Barnabas, pa apòt yo, ki vle di Fis [~39~]Ankourajman an 37 te gen yon mòso tè. Li te vann li e te pote kòb la mete l nan pye apòt yo.

<- Travay 3Travay 5 ->