3 Li te pase twa mwa la, epi lè Jwif yo te fè yon [~3~]konplo kont li, pandan li t ap pral pran bato a vwal pou Syrie a, li te fè desizyon pou retounen pa Macédoine. 4 Li te akonpanye pa Sopater de Bérée, fis a Pyrrhus la, anplis [~4~]Aristarque ak Second, de Théssalonique, ak Gaius de Derbe ak Timothée ak Tychique ak [~5~]Trophime ki sòti an Asie. 5 Men sila yo te ale avan, e t ap tann [~6~]nou [~7~]Troas.
6 Nou te pran bato a vwal soti [~8~]Philippes, apre [~9~]jou a Pen San Ledven yo. Nou te vin jwenn yo Troas nan senk jou, e te rete la pandan sèt jou. 7 Nan premye jou nan semèn nan, lè nou te rasanble ansanm pou [~10~]kase pen, Paul te kòmanse pale avèk yo. Li te gen entansyon pati nan pwochen jou a, e li te pwolonje mesaj li a jiska minwi. 8 Te gen anpil lanp nan [~11~]chanm anlè kote nou te reyini ansanm nan.
9 Alò, te gen yon sèten jennonm ke yo te rele Eutychus, ki te chita nan rebò fenèt la, k t ap tonbe nan yon pwofon somèy.
10 Men Paul te desann e te tonbe sou li, epi apre li fin anbrase l, [~12~]li te di: “Pa twouble, paske lavi li nan li.” 11 Lè Paul te fin remonte [~13~]e te fin kase pen pou manje, li te pale avèk yo pandan anpil tan jis rive nan granmmaten, e answit te pati. 12 Yo te pran jennonm nan ale tou vivan, e yo te byen rekonfòte.
13 Men [~14~]nou menm, nou te fè avan pou pran bato k ap rive Asòs, kote nou te fè plan pou Paul ta monte bato a. Se konsa li te aranje sa, akoz ke li menm t ap pase pa tè. 14 Epi lè l te rankontre nou Asòs, nou te pran li abò, e te vini Mitilèn.
15 Soti la nan bato a vwal la, jou swivan an, nou te rive anfas Chios. Jou apre a nou te travèse Samòs, e jou swivan a nou te rive [~15~]Milèt.
16 Paske Paul te fè desizyon pou depase Éphèse pou l pa ta oblije pase tan an Asie. Li t ap prese pou l te [~16~]rive Jérusalem, si se te posib [~17~]nan jou Fèt Lapannkot la.
17 Soti nan Milèt li te voye Ephèse pou rele [~18~]ansyen a legliz yo pou rive kote l. 18 Lè yo te vin kote l, li te di yo: “Nou menm, nou konnen ke [~19~]depi premye jou ke m te mete pye m an Asie a, kijan mwen te avèk nou tout tan 19 pou sèvi Senyè a avèk tout imilite, ak dlo nan zye m, e avèk gwo traka ki te vini sou mwen akoz [~20~]konplo a Jwif yo. 20 Kòman mwen [~21~]pa t fè bak pou m te kab deklare a nou tout bagay ki te itil, e te enstwi nou an piblik, e de kay an kay. 21 Se Konsa mwen t ap temwaye seryezman e konplètman a Jwif yo e a Grèk yo, de [~22~]repantans anvè Bondye, ak lafwa nan Senyè nou an, Jésus Kri.
22 “Koulye a, gade byen, mare pa Lespri a, [~23~]mwen sou chemen pou rive Jérusalem, san menm konnen sa ki va rive m la, 23 sof ke Lespri Sen an temwaye solanèlman a mwen nan chak vil, pou di ke se kout kòd mare, avèk afliksyon k ap tann mwen. 24 Men [~24~]mwen pa konsidere lavi m nan okenn sans gen gwo valè pou mwen menm, pou m ta kapab [~25~]fini ak kous mwen e ak ministè ke mwen te resevwa soti nan Jésus Kri a, pou m temwaye seryezman e konplètman, de levanjil gras Bondye a.
25 “Epi koulye a, veye byen, mwen konnen ke nou tout, pami sila mwen te pase, e te [~26~]preche wayòm nan, p ap wè figi m ankò. 26 Alò, mwen temwaye a nou nan jou sa, ke [~27~]mwen inosan de san tout moun. 27 Paske mwen pa t fè bak pou deklare a nou tout [~28~]volonte a Bondye a nèt.
28 “Veye byen pou nou menm, e pou tout bann twoupo a, pami sila Lespri Sen an te fè nou gadyen, pou fè bèje a legliz Bondye a, legliz ke [~29~]Li te achte avèk pwòp san Li.
29 “Mwen konnen ke apre mwen pati, [~30~]lou sovaj va vini pami nou, loup ki p ap fè gras menm a bann twoupo a. 30 Pami nou menm lèzòm va leve e va pale move bagay, pou antrene [~31~]disip yo pou yo ta swiv yo. 31 Konsa, rete vijilan. Byen sonje ke pou yon dire a twa zan, lannwit kon lajounen mwen pa t sispann egzòte nou [~32~]avèk dlo nan zye m.
32 “Epi koulye a, mwen [~33~]rekòmande nou a Bondye ak pawòl lagras Li, ki kapab ranfòse nou, e bannou eritaj pami tout sila ki sen yo.
33 [~34~]“Mwen pa janm anvi ni lajan, ni lò, ni rad a lòt moun. 34 Nou menm nou konnen ke [~35~]men sa yo te sèvi a pwòp bezwen m yo ak mesye ki te avè m yo. 35 Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di:
36 Lè l te fin di bagay sa yo, li te [~36~]mete l a jenou, e te priye avèk yo tout.
37 Konsa, yo te kòmanse kriye fò. Yo te [~37~]anbrase Paul, e t ap bo l anpil. 38 Yo te ranpli ak gwo lapèn, sitou sou [~38~]pawòl li te pale a, ke yo pa t ap wè fas li ankò. Konsa yo te akonpanye li rive nan bato a.
<- Travay 19Travay 21 ->