Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
13
1 Alò te gen nan Antioche, nan legliz ki te la a, pwofèt ak [~1~]mèt yo; Barnabas ak Simon ki te rele Niger, ak Lucius de Cyrène, ak Manaen ki te grandi avèk Hérode, tetrak la (youn nan kat wa yo), ak Saul.

2 Pandan yo t ap fè sèvis pou Senyè a, e t ap jene, Lespri Sen an te di: “Mete apa pou Mwen Barnabas ak Saul, pou [~2~]travay ke mwen rele yo a.”

3 Alò, lè yo te fin fè jèn nan ak lapriyè, yo te [~3~]poze men sou yo e te voye yo ale.

4 [~4~]Konsa, ranvoye pa Lespri Sen an, yo te desann Séleucie. Depi la yo te pran yon bato pou Chypre. 5 Lè yo te rive Salamine, yo te kòmanse pwoklame pawòl Bondye a nan sinagòg Jwif yo. Anplis [~5~]Jean te la pou ede yo.

6 Lè yo te fin travèse tout lil la, jis rive nan Paphos yo twouve yon sèten [~6~]majisyen Jwif, yon [~7~]fo pwofèt ke yo te rele Bar-Jésus 7 ki te avèk [~8~]pwokonsil la, Sergius Paulus, yon nonm byen entèlijan. Mesye sa te rele Barnabas avèk Saul pou vini pou l ta kapab tande pawòl Bondye a.

8 Men majisyen an, Elymas (se konsa non li tradwi) t ap opoze yo, e t ap chache detounen pwokonsil la kont [~9~]lafwa a. 9 Men Saul, ki te osi konnen kon Paul, [~10~]ranpli avèk Lespri Sen an, te fikse zye li sou li. 10 Li te di: “Ou menm ki ranpli ak desepsyon ak fwod, ou menm [~11~]fis a dyab la, ou menm lènmi a tout ladwati, èske ou p ap janm sispann fè kwochi chemen dwat a Senyè a? 11 Koulye a, gade byen [~12~]men Bondye sou ou, ou va vin avèg e ou p ap wè solèy la pandan yon tan.”

Imedyatman, yon brouya avèk yon fènwa te tonbe sou li, e li te ale toupatou pou chache moun pou ta mennen l pa lamen.

12 Answit, pwokonsil la te vin kwè lè li te wè sa ki te rive a, byen etone de [~13~]doktrin Senyè a.

13 Alò, Paul avèk konpanyon li yo te monte sou lanmè a soti Paphos. Yo te rive nan vil Perge nan Pamphylie. [~14~]Jean te kite yo la pou retounen Jérusalem.

14 Men kontinye soti Perge yo te rive [~15~]Antioche Pisidie a. Nan jou Saba a yo te antre nan sinagòg la, e yo te chita. 15 Aprè Lalwa ak [~16~]Pwofèt yo [~17~]te fin li, ofisye yo te voye kote yo e te di: “Frè yo, si nou gen nenpòt pawòl pou egzòte pèp la, pale.”

16 Paul te kanpe. Li te fè sinyal avèk men l, e te di: “Lezòm Israël yo, ak nou menm ki [~18~]krent Bondye, koute: 17 Bondye a pèp Israël sa a te chwazi zansèt nou yo, e te [~19~]fè pèp la onore pandan sejou yo nan peyi Égypte. Epi avèk yon bra leve [~20~]Li te mennen yo sòti ladann. 18 [~21~]Pandan anviwon yon tan de karant ane, konsa, li te sipòte yo nan dezè a.

19 “Lè L te fin detwi [~22~]sèt nasyon nan tè Canaan an, Li te [~23~]divize tè pa yo a kòm eritaj. Sa te pran anviwon kat san senkant ane. 20 Apre bagay sa yo, Li te [~24~]bay yo jij yo jiska Samuel, pwofèt la.

21 “Yo te [~25~]mande pou yon wa, epi Bondye te bay yo [~26~]Saul, Fis a Kis la, yon nonm nan tribi Benjamin an pou karant ane.

22 “Lè L te fin retire li, Li te fè leve David pou l ta kapab wa sou yo. Selon Li, te temwaye e te di: [~27~]‘Mwen twouve David, fis a Jessé a, yon nonm selon pwòp kè Mwen ki va fè tout volonte M’.

23 “Soti nan desandan a nonm sila a, selon pwomès la, Bondye te fè vini a Israël [~28~]yon Sovè, Jésus.

24 “Avan Li te vini [~29~]Jean te preche yon batèm repantans pou tout pèp Israël la. 25 Alò, pandan Jean t ap konplete pakou li, [~30~]li te kontinye ap mande: ‘Kisa nou sipoze ke mwen ye? Mwen se pa Li menm nan. Men gade byen, youn ap vini aprè mwen e sapat a pye li, mwen pa menm dign pou delase.

26 “Frè yo, Fis a fanmi Abraham yo, sila pami nou ki krent Bondye yo, a nou mesaj [~31~]sali sila a voye. 27 Paske sila ki rete Jérusalem yo, avèk gouvernè pa yo, pa t rekonèt ni Li menm, ni pawòl a pwofèt yo, malgre, yo konn li toupatou chak Saba a. Men yo te akonpli bagay sa yo lè yo te kondane Li. 28 Malgre yo pa t twouve okenn choz ki merite lanmò, yo te [~32~]mande Pilate pou li ta fè l mouri. 29 Epi lè yo te [~33~]fin akonpli tout sa ki te ekri konsènan Li yo, yo te [~34~]retire Li sou kwa a, e yo te mete l nan yon tonm.

30 “Men Bondye te leve Li soti nan lanmò. 31 Konsa, pandan anpil jou, sa yo ki te sòti Galilée pou monte Jérusalem avè L yo, [~35~] te wè li, menm sila yo ki koulye a se [~36~]temwen Li a pèp la.

32 “Konsa, nou preche a nou menm bòn nouvèl a [~37~]pwomès ki te fèt a zansèt nou yo, 33 ke Bondye te akonpli pou zanfan pa nou yo, lè l te resisite Jésus a, menm jan ke sa osi ekri nan dezyèm Sòm nan:

[~38~]‘Ou se Fis Mwen;
jodi a Mwen fè Ou.’

34 “Selon reyalite ke Li te leve soti nan lanmò, pou l pa ankò retounen nan pouriti, Li te pale konsa: [~39~]‘Mwen va bannou benediksyon a David ki sen e byen asire yo.’

35 “Konsa, Li pale osi nan yon lòt Sòm ke [~40~]‘Ou p ap kite pa W, Sila Ki Sen an, sibi pouriti.’

36 “Paske David, apre li te sèvi [~41~]plan Bondye a nan jenerasyon pa l la, te dòmi. Li te vin plase pami zansèt li yo, e li te sibi dekonpozisyon. 37 Men Sila ke Bondye te [~42~]fè leve a, pa t sibi dekonpozisyon menm.

38 “Konsa, kite sa vin konnen a nou menm, frè yo, ke [~43~]atravè Li menm, padon pou peche yo pwoklame a nou menm. 39 Selon Li menm, [~44~]tout moun ki kwè yo, vin lib de tout bagay ke nou pa t kapab libere pa Lalwa Moïse la.

40 “Konsa, fè atansyon, pou sa ki te pale [~45~]nan pwofèt yo pa vini sou nou:

41 [~46~]‘Gade byen mokè yo;
Vin etone, e peri!
Paske M ap acheve yon zèv nan jou nou yo,
yon zèv ke nou p ap janm kwè,
menmsi yon moun ta eksplike nou li.’ ”

42 Pandan Paul ak Barnabas t ap sòti, pèp la te kontinye mande pou yo ta kapab pale yo bagay sa yo ankò nan pwochen [~47~]Saba a. 43 Alò, lè sinagòg la te lage, anpil nan Jwif yo ak [~48~]pèp etranje ki te vin krent Bondye yo, te swiv Paul ak Barnabas. Yo te pale avèk yo pou ankouraje yo kontinye nan [~49~]gras Bondye a.

44 Nan [~50~]pwochen Saba a, prèske tout vil la te vin rasanble pou koute pawòl Bondye a.

45 Men lè [~51~]Jwif yo te wè foul la, yo te ranpli avèk jalouzi, e yo te kòmanse pale kont bagay ke Paul te pale yo, e t ap fè blasfèm.

46 Paul ak Barnabas te pale avèk gwo kouraj. Yo te di: “Li te nesesè pou pawòl Bondye a ta pale a nou menm [~52~]avan. Men akoz ke nou refize l, e jije pwòp tèt nou endign pou lavi etènèl la, gade byen [~53~]n ap vire bò kote pèp etranje yo. 47 Paske konsa Senyè a te kòmande nou:

[~54~]‘Mwen plase nou kòm yon limyè pou pèp etranje yo,
pou nou ta pote delivrans jiska dènye ekstremite tè a.’ ”

48 Lè pèp etranje yo te tande sa, yo te kòmanse rejwi e t ap bay glwa a pawòl Bondye a. Konsa, tout sila ki [~55~]te nome pou lavi etènèl yo te kwè. 49 [~56~]Pawòl Senyè a te gaye nan tout rejyon an.

50 Men Jwif yo te chofe fanm fidèl yo, ak chèf ki t ap dirije vil yo, pou [~57~]fòmante yon pèsekisyon kont Paul ak Barnabas, e te chase yo deyò teritwa yo.

51 Men [~58~]yo te souke pousyè a, fè l sòti nan pye yo, kòm yon sign kont yo, e yo te ale Icone.

52 Epi disip yo te kontinye [~59~]ranpli avèk jwa, e avèk Lespri Sen an.

<- Travay 12Travay 14 ->