Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Men konprann sa, ke [~1~]nan dènye jou yo, tan difisil yo va vini. 2 Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo [~2~]renmen lajan, [~3~]ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa, 3 [~4~]san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan [~5~]san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon, 4 trèt, enpridan awogan, renmen plezi olye de renmen Bondye; 5 k ap kenbe yon fòm [~6~]sentete, sepandan yo nye pouvwa li.

Evite moun konsa yo. 6 Paske pami yo menm, gen moun ki [~7~]antre nan kay yo e pran an kaptif fanm ki fèb akoz chaj peche yo, e ki mennen pa [~8~]move lanvi de tout kalite, 7 k ap toujou aprann e ki pa janm [~9~]rive a konesans verite a.

8 Jis jan ke Jannès ak Jambrès te opoze a Moïse la, konsa moun sa yo opoze verite a; [~10~]lèzòm ak lespri konwonpi, ki rejte sa ki konsène lafwa a.

9 Men yo p ap fè plis pwogrè, paske [~11~]foli yo va parèt klè a tout moun, jis jan ke foli a Jannès ak Jambrès te osi parèt a klè a.

10 Alò, ou te [~12~]swiv ansègnman mwen an, kondwit, bi, lafwa, pasyans [~13~]lanmou, pèseverans 11 [~14~]pèsekisyon, ak soufrans, jan sa te rive m Antioche, Icone ak Lystre la. [~15~]A la pèsekisyon m te andire, e nan yo tout, Senyè a te delivre m! 12 Vrèman, tout moun ki dezire viv yon vi sentete nan Kris Jésus [~16~]va pèsekite.

13 Men moun mechan ak moun twonpè yo va avanse soti nan mal pou rive nan pi mal [~17~]nan twonpe moun ak vin twonpe.

14 Sepandan, ou menm [~18~]kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen [~19~]Lekriti sakre yo, ki kapab [~20~]bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.

16 [~21~]Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen [~22~]prepare pou tout bon zèv.

<- II Timothée 2II Timothée 4 ->