II TIMOTHÉE
1 Paul [~1~]yon apot a Kris Jésus pa volonte Bondye, selon pwomès lavi ki nan Kris Jésus, 2 a Timothée [~2~]fis byeneme mwen an: Lagras, mizerikòd, ak lapè Bondye, Papa a, e Kris Jésus, Senyè nou an.
3 [~3~]Mwen remèsye Bondye ke mwen sèvi avèk yon bon konsyans jan zansèt mwen yo te fè a, pandan mwen sonje ou tout tan nan lapriyè mwen yo lannwit kon lajounen 4 [~4~]avèk lanvi pou m wè ou [~5~]menm lè mwen sonje dlo ki te sòti nan zye ou, pou m kapab ranpli avèk jwa.
5 Paske mwen sonje [~6~]lafwa sensè ki nan ou a, ki te dabò rete [~7~]nan grann ou, Lois ak manman ou, Eunice, e mwen byen si ke li nan ou tou. 6 Pou rezon sa a, mwen fè ou sonje pou rechofe [~8~]don Bondye ki nan ou depi mwen te poze menm sou ou a.
7 Paske Bondye pa bannou yon [~9~]lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.
8 Konsa [~10~]pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan [~11~]soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a, 9 ki te sove nou e te [~12~]rele nou avèk yon apèl ki sen, [~13~]pa selon zèv nou yo, men selon pwòp bi ak gras pa L, ki te bay a nou menm nan Kris Jésus depi tout letènite, 10 men koulye a, ki vin revele pa aparans a Sovè nou an, Kris Jésus, ki te [~14~]aboli lanmò e te pote lavi ak imòtalite nan limyè, atravè levanjil la. 11 [~15~]Pou li menm, mwen te chwazi kòm predikatè, apot, ak pwofesè pou ale vè etranje yo. 12 Pou rezon sa a, mwen osi soufri bagay sa yo, men [~16~]mwen pa wont; paske mwen konnen nan kilès mwen kwè a, e mwen konvenk ke Li kapab pwoteje sa ke m livre a Li menm nan jiska jou sa a.
13 [~17~]Kenbe fèm a pawòl sen ke ou tande de mwen yo, nan [~18~]lafwa ak lanmou ki nan Kris Jésus a.
14 Veye byen, selon lespri Sen ki [~19~]demere nan nou an, trezò kite konfye a ou a.
15 Ou byen okouran ke tout moun ki an Asie yo, te [~20~]vire kite m, pami yo menm, Phygelle ak Hermogène.
16 Ke Senyè a bay mizerikòd a [~21~]lakay Onésiphore, paske Li te souvan konsole m, e li pa t wont pou chenn mwen yo; 17 men lè li te Rome, li te chèche mwen avèk dilijans e li te jwenn mwen. 18 Ke Senyè a fè li jwenn mizerikòd Senyè a nan [~22~]jou sa a—e ke ou konnen trè byen tout sèvis li te rann nan Éphèse.
II Timothée 2 ->