1 Alò, nou mande nou, frè nou yo, konsènan [~1~]vini a Senyè nou an, Jésus Kri, ak [~2~]reyinyon nou ansanm avèk Li a, 2 pou nou pa pèdi bon sans ak ekilib nou twò vit pa ni yon [~3~]lespri, ni yon [~4~]mesaj, ni yon lèt, kòmsi y ap di sòti nan nou menm, ak efè ke jou Senyè a gen tan rive deja.
3 Pa kite okenn moun nan okenn sans twonpe nou, paske li p ap vini amwenske gwo renye lafwa nan Bondye a ta fèt avan, e [~5~]nonm peche a, fis a [~6~]pèdisyon an, ta vin parèt. 4 Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e [~7~]prezante tèt li kòm Bondye.
5 Èske nou pa sonje [~8~]lè m te toujou avèk nou an, mwen t ap di nou bagay sa yo?
6 Konsa, nou konnen [~9~]kisa ki anpeche li koulye a, pouke nan lè li a, li kapab vin parèt. 7 Paske [~10~]mistè nonm a peche a ap travay deja; sèlman Sila k ap anpeche li kounye a, va fè sa jiskaske li vin retire nan wout la.
8 Nan moman sa a, nonm a peche a va vin parèt; sila ke Bondye va touye [~11~]avèk souf ki soti nan bouch li a, e fè sa fini ak aparisyon retou a Li menm nan. 9 Sa se, sila kap vini an akò avèk aktivite Satan, avèk tout pouvwa, [~12~]sign, ak fo mirak, 10 epi avèk tout desepsyon mechanste pou [~13~]sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou [~14~]a verite a, jis pou yo ta kapab sove.
11 Pou rezon sa a, [~15~]Bondye va voye sou yo yon lespri twonpè pou yo kapab kwè sa ki fo a, 12 pou yo tout kapab jije ki [~16~]pa t kwè nan verite a, men ki te [~17~]pran plezi nan mechanste.
13 Men nou ta dwe bay remèsiman pou nou menm, frè m yo, byeneme nan Senyè a, akoz [~18~]Bondye te chwazi nou depi nan kòmansman an pou sali atravè sanktifikasyon [~19~]pa Lespri a ak lafwa nan verite a. 14 Se te pou sa Li te [~20~]rele nou atravè levanjil nou an, pou nou ta kapab vin genyen laglwa Senyè nou an, Jésus Kri.
15 Konsa, frè m yo, kanpe fèm e [~21~]kenbe ak tradisyon ke yo te enstwi nou yo, kit se pa pawòl kit se pa lèt a nou an.
16 [~22~]Koulye a, ke Senyè nou an, Jésus Kri, Li menm, ak Bondye, Papa nou an, ki renmen nou e ki bay nou rekonfò etènèl ak bon espwa pa lagras la 17 [~23~]rekonfòte nou e ranfòse kè nou nan tout bon zèv ak pawòl.
<- II Tesalonisyen Yo 1II Tesalonisyen Yo 3 ->