Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

II TESALONISYEN YO

1 Paul, Silvain ak Timothée, a [~1~]legliz Tesalonisyen yo, nan Bondye, Papa nou an, e Senyè a, Jésus Kri: 2 [~2~]Gras pou nou ak lapè Bondye, Papa a, e Senyè a, Jésus Kri.

3 Nou ta dwe toujou [~3~]bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e [~4~]lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou. 4 Konsa, nou menm, nou [~5~]pale avèk fyète de nou pami [~6~]legliz a Bondye yo, pou pèseverans ak lafwa nou nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans ke nou andire yo. 5 Sa se yon sign byen klè de jijman dwat Bondye anvè nou [~7~]ke nou konsidere dign pou wayòm Bondye a, de li menm nou vrèman ap soufri a.

6 Paske se byen jis pou Bondye rann afliksyon a sila ki aflije nou yo, 7 epi pou bay repo a nou menm ki aflije ak nou yo [~8~]lè Senyè a Jésus va vin parèt nan syèl la avèk zanj pwisan Li yo nan flanm dife yo. 8 Konsa L a bay chatiman a sila [~9~]ki pa konnen Bondye yo, e a sila [~10~]ki pa obeyisan a levanjil Senyè Jésus nou a.

9 Sila yo va peye pinisyon [~11~]destriksyon etènèl la, lwen prezans Senyè a ak laglwa a pouvwa Li a. 10 Lè Li vini pou L kapab [~12~]glorifye nan sen Li yo nan [~13~]jou sa a, e pou L kapab admire pami tout moun ki kwè yo—paske nou te kwè temwayaj pa nou a.

11 Pou rezon sa a osi, nou toujou priye pou nou, pou [~14~]Bondye kapab konte nou dign de apèl nou an, e ranpli tout dezi pou fè sa ki bon ak zèv lafwa yo avèk fòs, 12 pou [~15~]non a Senyè Jésus nou an kapab vin glorifye nan nou, e nou nan Li, pa lagras Bondye nou an ak Senyè a, Jésus Kri.

II Tesalonisyen Yo 2 ->