Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 [~1~]Alò, tout tribi Israël yo te vin kote David Hébron e te di: “Gade byen, nou se pwòp [~2~]zo ou ak chè ou. 2 Avan, lè Saül te wa sou nou, se te ou menm sèl ki te mennen Israël antre, sòti. Epi SENYÈ a te di ou: ‘Ou va bèje pèp Mwen an, Israël e ou va yon [~3~]chèf sou Israël.’ ” 3 Konsa, tout ansyen Israël yo te vin kote wa a Hébron e Wa David [~4~]te fè yon akò avèk yo devan SENYÈ a Hébron. Epi [~5~]yo te onksyone David wa sou Israël.

4 David te gen laj a [~6~]trantan lè l te devni wa. Li te renye pandan karantan. 5 Nan Hébron, [~7~]li te renye sou Juda pandan sèt ane, si mwa e nan Jérusalem, li te renye pandan trann-twazan sou tout Israël avèk Juda.

6 [~8~]Alò, wa a avèk moun pa li yo te ale Jérusalem kont Jebizyen yo, moun ki te rete nan peyi a. Men yo te di a David: “Ou p ap antre isit la, men menm avèg yo avèk bwate yo va fè ou vire ale”. Paske yo te panse ke: “David p ap kab antre la.” 7 Sepandan, David te kaptire fòterès Sion an, sa vle di, [~9~]“vil David la”. 8 David te di nan jou sa a: “Nenpòt moun ki va frape Jebizyen yo, kite li rive kote bwate yo avèk avèg yo, ki rayi pa nanm David, pa kanal dlo a.” Akoz sa, yo konn di: “Avèg ak bwate p ap antre nan kay la.”

9 Konsa, David te rete nan fò a e li te rele li “Vil David la”. Epi David te bati toutotou soti nan sitadèl Milo a jis rive anndan. 10 [~10~]David te devni gran e pi gran, paske SENYÈ a, Bondye dèzame yo te avèk li. 11 [~11~]Alò, Hiram, wa a Tyr la, te voye mesaje yo kote David avèk bwa sèd avèk chapant ak mason k ap kraze wòch; epi yo te bati yon kay pou David. 12 Konsa, David te vin wè ke SENYÈ a te etabli li kòm wa sou Israël, ke Li te egzalte wayòm li an pou koz pèp Li a, Israël.

13 Antretan, [~12~]David te pran plis ti mennaj avèk madanm soti Jérusalem lè l fin kite Hébron; epi plis fis avèk fi te fèt pou David. 14 Alò, [~13~]sila yo se non a sila ki te fèt pou li Jérusalem yo: Schammua, Schobab, Nathan, Salomon, 15 Jibhar, Élishua, Népheg, Japhia, 16 Élischama, Éliada, Éliphéleth.

17 Lè Filisten yo te tande ke yo te onksyone David wa sou Israël, [~14~]tout Filisten yo te monte pou chache jwenn David. Lè David te tande sa, li te desann nan fò a. 18 Alò, Filisten yo te vin gaye yo nan [~15~]vale Rephaïm nan. 19 Konsa, [~16~]David te mande konsèy a SENYÈ a. Li te mande: “Èske mwen dwe monte kont Filisten yo? Èske Ou va livre yo nan men mwen?”

SENYÈ a te reponn a David: “Monte, paske vrèman, Mwen va livre Filisten yo nan men ou.”

20 Konsa, David te vini [~17~]Baal-Peratism e te bat yo la. Li te di: “SENYÈ a te antre sou lènmi mwen yo devan m tankou yon dlo k ap kase.” Pou sa, li te rele plas sa a Baal-Peratsim. 21 Yo te abandone zidòl yo la. Pou sa, [~18~]David avèk mesye li yo te pote yo ale.

22 Alò, [~19~]Filisten yo te monte yon fwa ankò. Yo te gaye yo nan vale Rephaïm nan. 23[~20~]David te mande konsèy a SENYÈ a, Li te di: “Ou pa pou monte. Ansèkle jis pa dèyè yo e vini sou yo pa devan pye sikomò yo. 24 Li va rive, ke lè ou tande son mache a sou tèt bwa yo; alò, ou va aji vit, paske se nan lè sa a ke [~21~]SENYÈ a ap gen tan sòti devan ou pou frape lame Filisten an.”

25 Alò, David te fè konsa, jis jan ke SENYÈ a te kòmande li a, e li te bat Filisten yo soti Guéba, pou jis rive Guézer.

<- II Samuel 4II Samuel 6 ->