22
1 David te pale pawòl a chan sila yo[~1~]a SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo ak nan men a Saül. 2 Li te di:
[~2~]“SENYÈ a se wòch mwen,
[~3~]fòterès mwen ak liberatè mwen;
3 Bondye mwen an, wòch mwen an, nan sila
mwen twouve pwotèj la;
boukliye e kòn delivrans mwen,
sitadèl mwen ak refij mwen.
[~4~]Se konsa mwen va sove devan ledmi mwen yo.
4 Mwen rele a SENYÈ a, [~5~]ki merite lwanj.
Se konsa mwen sove de lènmi mwen yo.
5 Paske [~6~]volas lanmò te antoure mwen;
gran flèv destriksyon yo te monte sou mwen nèt.
6 [~7~]Kòd a sejou lanmò te antoure mwen;
pèlen lanmò yo te menase m.
7 [~8~]Nan gran twoub mwen,
mwen te rele SENYÈ a.
Wi, mwen te rele a Bondye mwen an.
Soti nan tanp Li an, Li te tande vwa m.
Kri sekou mwen te anndan zòrèy Li.
8 Latè te tranble e souke.
[~9~]Fondasyon syèl la t ap tranble.
Yo te sombre, akoz Li te fache.
9 Lafimen te monte sòti nan nen L.
[~10~]Dife soti nan bouch Li a te devore.
Chabon te fèt pa li.
10 Anplis, Li te rale bese syèl yo e te desann.
Yon [~11~]tenèb byen pwès te anba pye L yo.
11 Li te monte sou yon cheriben,
Li te vole.
Li te parèt sou [~12~]zèl a van an.
12 [~13~] Li te fè tenèb la yon tant Ki antoure Li,
yon vwa dlo, nwaj pwès syèl yo
13 soti nan gran klète devan L,
[~14~]Bout chabon dife yo vin limen.
14 SENYÈ a te [~15~]eklate depi nan syèl la,
e vwa Pli Wo a te reponn.
15 Li te lanse [~16~]flèch pou te gaye yo.
Loray! E yo te sove ale.
16 Kanal lanmè yo te vin parèt.
Fondasyon mond lan[~17~] te dekouvri nèt,
pa repwoch SENYÈ a,
ak fòs vann a ki soti nan ne l.
17 [~18~]Li te voye soti anwo,
Li te pran m.
Li te rale mwen sòti nan pil dlo yo.
18 Li te delivre mwen devan lènmi m byen fò,
Soti nan sila ki te rayi mwen yo.
Paske yo te twò fò pou mwen.
19 Yo te kanpe parèt devan m nan jou gran doulè a,
[~19~]Men SENYÈ a te soutyen mwen.
20 Anplis, Li te mennen m nan yon kote byen laj.
Li te fè m chape, [~20~]paske Li te kontan anpil avè m.
21 [~21~]SENYÈ a te rekonpanse mwen selon ladwati mwen.
Selon men pwòp mwen, Li te fè m twouve rekonpans.
22 Paske mwen te kenbe chemen SENYÈ a.
Mwen pa t aji avèk mechanste kont Bondye mwen an.
23 [~22~]Paske tout òdonans Li yo te devan m.
Règleman Li yo, mwen pa t janm kite.
24 Anplis, [~23~]mwen te san fot devan L.
Mwen te rete lib de inikite mwen.
25 Pou sa, SENYÈ a te rekonpanse m.
[~24~]Selon ladwati mwen,
Selon jan mwen pwòp devan zye Li.
26 [~25~]Avèk sila de bon kè yo,
Ou montre bon kè Ou.
Avèk sila ki san fot yo,
Ou parèt san fot.
27 [~26~]Avèk sila ki san tach yo,
Ou montre jan Ou san tach,
Epi avèk sila ki kwochi,
Ou vin parèt avèk entèlijans.
28 [~27~] Ou fè sekou a sila ki aflije yo,
men zye Ou rete sou sila ki ògeye yo,
pou Ou fè yo bese.
29 Paske se ou ki lanp mwen, O SENYÈ.
Konsa, [~28~]SENYÈ a vin klere tout tenèb mwen.
30 Paske avèk Ou, Mwen kapab kouri sou yon ekip sòlda.
31 [~29~]Pou Bondye, chemen pa li a san fot.
Pawòl SENYÈ a fin fè prèv.
Li pwoteje tout sila yo ki kache nan Li.
32 [~30~]Paske se kilès Bondye ye,
Sof ke SENYÈ a?
Epi kilès ki se yon woche,
Sof ke Bondye pa nou an?
33 [~31~]Bondye se sitadèl fòs mwen.
Li fè chemen m san fot.
34 Li fè pye m tankou pye a sèf,
ki fè m chita nan plas ki wo.
35 Li enstwi men m yo pou batay la,
Pou bra mwen kab koube banza fèt an Bwonz.
36 Ou te osi ban mwen Boukliye Sali Ou a,
e se soutyen Ou ki fè m pwisan.
37 [~32~]Ou elaji pla pye mwen anba m,
e pye m pa janm chape.
38 Mwen te kouri dèyè lènmi mwen yo,
e mwen te [~33~]detwi yo.
Mwen pa t vire fè bak jiskaske mwen te fin manje nèt.
39 Epi mwen te devore yo,
mwen te kraze yo,
Jiskaske yo pa t janm leve.
Konsa, yo te [~34~]tonbe anba pye mwen.
40 Paske Ou te kouvri senti m ak fòs pou batay la.
Ou te soumèt anba m [~35~]sila ki te leve kont mwen yo.
41 Ou te osi [~36~]fè lènmi m yo vire do ban mwen,
Epi mwen te detwi sila ki te rayi mwen yo.
42 [~37~]Yo te gade, men nanpwen moun ki te pou te sove yo;
menm anvè SENYÈ a, men Li pa t reponn yo.
43 [~38~]Alò mwen te fè poud ak yo
tankou pousyè tè a.
[~39~]Mwen te kraze e te foule yo
Tankou kras labou lari.
44 Ou te osi delivre mwen sòti
nan rebelyon ak zen pèp mwen an.
Ou te kenbe m kòm chèf sou nasyon yo,
45 Etranje yo abese devan m.
Depi yo tande, yo obeyi.
46 Etranje yo pèdi fòs.
[~40~]Yo sòti tranblan nan kote kache yo.
47 SENYÈ a vivan!
Beni, se wòch mwen an!
Egzalte, se [~41~]Bondye, wòch sali mwen an.
48 Menm Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an,
[~42~]Li ki rale fè desann lòt pèp yo anba m nan,
49 Ki osi fè m sòti devan lènmi mwen yo.
Wi, Ou menm fè m leve anwo [~43~]sila
Ki vin leve kont mwen yo.
Ou ban m sekou devan moun ki vyolan yo.
50 Pou sa, mwen va ba Ou remèsiman,
O SENYÈ, [~44~]pami nasyon yo.
Mwen va chante lwanj a non Ou.
51 Li se yon gran sitadèl delivrans pou wa Li a,
ki [~45~]montre lanmou dous a onksyone pa Li a,