1 Alò, Élisée, pwofèt la, te rele youn nan [~1~]fis a pwofèt yo. Li te di li: “Mare senti ou e [~2~]pran bokal lwil nan men ou pou monte Ramoth-Galaad. 2 Lè ou rive la, chache jwenn [~3~]Jéhu, fis a Josaphat a, fis a Nimschi a. Antre ladann, mande li vin apa de frè li yo. Mennen li nan yon chanm anndan. 3 Konsa, pran bokal lwil la, vide li sou tèt li e di: ‘Konsa pale SENYÈ a; [~4~] “Mwen te onksyone ou wa sou Israël.” ’ Epi konsa, louvri pòt la, kouri sove ale! Pa tann!”
4 Konsa, [~5~]jennonm nan, sèvitè pwofèt la, te ale Ramoth-Galaad. 5 Lè l rive, men vwala, kapitèn a lame yo te chita. Li te di: “Mwen gen yon pawòl pou ou O kapitèn.”
11 Alò Jéhu te sòti deyò kote sèvitè mèt li yo. Youn nan yo te mande l: “Èske tout bagay byen? Poukisa [~12~]nonm fou sila a te vin kote ou a?” Li te reponn yo:
12 Yo te di:
13 Konsa, [~13~]yo te fè vit, chak moun te pran vètman pa yo, te plase yo anba li sou mach la. Yo te [~14~]soufle twonpèt la e yo t ap di: “Jéhu se wa a!”
14 Konsa Jéhu, fis a Josaphat a, fis a Nimschi a, te fè konplo kont Joram. [~15~]Alò, Joram avèk tout Israël t ap defann Ramoth-Galaad kont Hazaël, wa Syrie a. 15 Men [~16~]Wa Joram te fin retounen a Jizréel pou geri akoz blesi ke Siryen yo te ba li lè li te goumen avèk Hazaël, wa Syrie a. Konsa, Jéhu te di: “Si sa se volonte ou, pa kite pèsòn chape kite vil la pou ale pale Jizréel.” 16 Alò, Jéhu te monte yon cha pou te ale Jizréel, paske Joram te kouche la. [~17~]Achazia, wa Juda a, te deja desann pou wè Joram. 17 Koulye a, gadyen an te kanpe sou fò Jizréel, e li te wè konpanyen Jéhu, pandan li t ap vini. Li te di: “Mwen wè yon konpanyen.”
18 Konsa, yon chevalye te ale rankontre li. Li te di: “Konsa pale wa a: ‘Èske sa an pè?’ ”
19 Li te voye yon dezyèm chevalye, ki te rive kote yo. Li te di: “Konsa pale wa a: ‘Èske sa an pè?’ ”
20 Gadyen an te bay rapò a: “Lè te rive kote yo menm, men li pa t retounen, epi [~19~]kondwi li se tankou kondwi a [~20~]Jéhu, paske li kondwi tankou moun anraje.”
21 Konsa, Joram te di: “Fè cha a vin parèt.”
23 Alò, Joram te frennen cha a, tou vire e te sove ale. Li te pale Achazia: [~23~]“Trayizon, O Achazia!”
24 Konsa, [~24~]Jéhu te rale banza li ak tout fòs e te tire Joram antre bwa li. Flèch la te pase nan kè l e li te bese desann nan cha li. 25 Alò, Jéhu te pale ak Bidqar, adjwen li an: “Pran l e jete l nan [~25~]chan Naboth la, Jizreyelit la, paske mwen sonje lè ou avèk mwen te monte kouri ansanm dèyè Achab, papa li, ke SENYÈ a te pwononse pawòl sa a kont li: 26 [~26~]‘Anverite, Mwen te wè ayè, san Naboth la ak san a fis li yo,’ pale SENYÈ a, ‘epi, Mwen va rekonpanse ou nan teren sa a’, pale SENYÈ a. Alò, pou sa, pran l e jete l nan teren an, selon pawòl SENYÈ a.”
27 [~27~]Lè Achazia, wa Juda a te wè li, li te sove ale pa chemen kay jaden an. Epi Jéhu te kouri dèyè li e te di: “Tire li tou, nan cha a.” Konsa, li te fèt sou ti pant Gur a, ki [~28~]Jibleam nan. Men li te sove ale rive Méguiddo, e la li te mouri. 28 [~29~]Sèvitè li yo te pote li nan yon cha rive Jérusalem e yo te antere li nan tonm pa li avèk zansèt li yo nan vil David la. 29 Alò, [~30~]nan onzyèm ane règn Joram la, fis Achab la, Achazia te devni wa sou Juda.
30 Lè Jéhu te vini Jizréel, Jézabel te tande sa. [~31~]Li te pentire zye li, li te byen dekore tèt li e li te gade deyò fenèt la. 31 Lè Jéhu te antre nan pòtay la, li menm Jézabel te di: [~32~]“Èske tout bagay byen, Zimri, asasen mèt pa w la?”
32 Jéhu te leve figi li vè fenèt la e te di: “Se kilès ki pou mwen? Kilès?”
33 Li te di: “Jete li anba.”
35 Yo te ale antere l, men yo pa t jwenn plis ke zo tèt la, pye yo avèk pla men yo. 36 Pou sa, yo te retounen pou te pale li.