1 Alò, Élisée te pale ak fanm a fis ki te geri a. Li te di: “Leve ale avèk tout lakay ou e ale viv nenpòt kote ou kab ale viv; paske SENYÈ a te deklare yon gwo grangou e [~1~]sa va rive menm sou peyi a pandan sèt ane.”
2 Konsa, fanm nan te leve e te fè selon pawòl a nonm Bondye a. Li te ale avèk lakay li pou te vin viv nan peyi Filisten yo pandan sèt ane. 3 Nan fen sèt ane yo, fanm nan te retounen soti nan peyi Filisten yo. Konsa, li te soti deyò pou fè demann a wa a pou lakay li avèk chan li. 4 Alò, wa a t ap pale avèk [~2~]Guéhazi, sèvitè a nonm Bondye a, e li t ap di: “Souple, fè m konnen tout gran bagay ke Élisée te konn fè yo.” 5 Pandan li t ap pale wa a [~3~]ki jan li te restore lavi a sila ki te mouri an, men vwala, fanm a fis ke li te resisite a, te fè demann nan pou afè chan pa li a. Epi Guéhazi te di: “Mèt mwen, wa a, sa se fanm nan e sa se fis li a, ke Elisée te restore lavi a.”
6 Lè wa a te mande fanm nan, li te pale li sa a. Konsa, wa a te chwazi pou li yon sèten ofisye, e li te di: “Restore a li menm tout sa ki te pou li, ak tout pwodwi a chan li soti jou ke li te kite tè a jis rive koulye a.”
7 Konsa, Élisée te vin Damas. Alò, [~4~]Ben-Hadad, wa Syrie a, te malad. Yo te di li: [~5~]“Nonm Bondye a gen tan rive isit la.”
8 Wa a te di a Hazaël: [~6~]“Pran yon kado nan men ou pou ale rankontre nonm Bondye a, e [~7~]mande a SENYÈ a selon li menm. Mande l: ‘Èske mwen va refè de maladi sa a?’ ”
9 Konsa, Hazaël te ale rankontre li avèk yon kado nan men l, menm de tout kalite bon bagay Damas, pote sou karant chaj chamo. Li te vin rive kanpe devan li e te di: [~8~]“Fis ou Ben-Hadad, wa Syrie a, te voye mwen kote ou. Li te vle m mande pou li: ‘Èske mwen va refè de maladi sa a?’ ”
10 Alò, Élisée te di li: [~9~]“Ale pale li konsa, ‘Ou va asireman refè;’ men SENYÈ a te montre mwen ke byensi, l ap mouri.’ ” 11 Li te gade l byen fiks, [~10~]jiskaske li te wont. Epi [~11~]nonm Bondye a te kriye.
12 Hazaël te di: “Poukisa mèt mwen ap kriye a?”
13 Epi Hazaël te di li: “Men kisa sèvitè ou ye? Yon chen ki ta fè gwo bagay sa a?”
14 Konsa, li te pati kite Élisée pou te retounen kote mèt li, ki te mande l: “Se kisa ke Élisée te di ou?”
15 Nan jou swivan an, li te pran yon gwo kouvèti a, li te fonse l nan dlo e li te ouvri li sou figi li, [~14~]jiskaske wa a te mouri. Konsa, Hazaël te vin wa nan plas li.
16 Alò, nan senkyèm ane [~15~]Joram, fis a Achab la, wa Israël la, pandan Josaphat te wa Juda, Joram, fis Josaphat la, wa Juda, te devni wa. 17 Li te gen [~16~] laj a trann-dezan lè li te devni wa, e li te renye uitan nan Jérusalem. 18 Li te mache nan chemen a wa Israël yo, jis jan ke lakay Achab te fè a, paske [~17~]fi Achab la te devni madanm li. Li te fè mal nan zye SENYÈ a. 19 Sepandan, SENYÈ a pa t gen volonte pou detwi Juda, pou koz David, sèvitè li a, [~18~]paske li te pwomèt li pou ba li toujou yon lanp a li menm pa fis li yo pou tout tan.
20 Nan jou pa li yo, [~19~]Édom te fè rebèl soti anba men Juda e yo te fè yon wa sou pwòp tèt pa yo. 21 Epi Joram te travèse kote Tsaïr e tout cha li yo avèk li. Li te leve nan lannwit pou te frape Edomit ki te antoure li avèk kapitèn a cha yo, [~20~]men lame pa li a te sove ale rive nan tant pa yo. 22 [~21~]Konsa, Édom te fè rebèl kont Juda jis rive jodi a. Alò, Libna te revòlte nan menm lè a. 23 Tout lòt zèv a Joram yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a wa a Juda yo? 24 Konsa, [~22~]Joram te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan vil David la. Epi Achazia te devni wa nan plas li.
25 Nan douzyèm ane Joram, fis a Achab la, wa Israël, Achazia, fis a Joram nan te kòmanse renye. 26 [~23~]Achazia te gen venn-dezan lè l te devni wa e li te renye yon ane nan Jérusalem. Manman li te rele Athalie, pitit a pitit Omri, wa Israël la. 27 Achazia te [~24~]mache nan chemen lakay Achab e te fè mal nan zye SENYÈ a tankou lakay Achab, akoz se te bofis a lakay Achab.
28 Alò, li te ale avèk Joram, fis a Achab la pou fè lagè kont [~25~]Hazaël, wa Syrie a nan [~26~]Ramoth-Galaad e Siryen yo te blese Joram. 29 Konsa, [~27~]Wa Joram te retounen nan Jizréel pou geri akoz blesi ke Siryen yo te ba li nan Rama a lè li te goumen kont Hazaël, wa Syrie a. Epi Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a, te desann wè Joram, fis Achab la nan Jizréel akoz li te malad la.
<- II Wa Yo 7II Wa Yo 9 ->