10 Alò, SENYÈ a te pale pa sèvitè yo, pwofèt yo, e te di: 11 “Akoz Manassé, wa Juda a, te fè abominasyon sila yo, e te [~12~]fè plis mechanste pase tout Amoreyen ki te avan li yo, e anplis, li te [~13~]fè Juda peche avèk zidòl pa li yo; 12 pou sa, konsa pale SENYÈ, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap mennen yon tèlman gwo twoub sou Jérusalem avèk Juda, pou nenpòt moun ki tande koz li, toude zòrèy li va sonnen avèk sezisman. 13 [~14~]Mwen va fè lonje sou Jérusalem lizyè Samarie a, avèk fil aplon kay Achab la, e Mwen va siye Jérusalem jan yon moun ta siye yon plato. Konsa m ap siye li e vire li tèt anba. 14 Mwen va abandone retay eritaj Mwen an e Mwen va livre yo nan men a lènmi yo. Yo va vin piyaje e depouye pa tout lènmi yo, 15 akoz yo te fè mal devan zye Mwen e te pwovoke Mwen a lakòlè soti jou ke zansèt pa yo te sòti an Égypte la, menm rive jodi a.’ ”
16 [~15~]Anplis, Manassé te vèse san inosan jiskaske li te ranpli Jérusalem soti nan yon bout jis rive nan yon lòt. Li te fè sa, anplis, peche pa li avèk sila li te fè Juda peche nan fè mal devan zye SENYÈ a.
17 [~16~]Alò, tout lòt zèv a Manassé yo avèk tout sa ke li te fè ak peche ke li te komèt yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo? 18 [~17~]Konsa, Manassé te dòmi avèk zansèt pa li yo e te antere nan jaden lakay li, nan jaden Uzza a. Epi Amon, fis li a, te devni wa nan plas li.
19 [~18~]Amon te gen venn-dezan lè l te devni wa e li te renye dezan Jérusalem. Manman li te rele Meschullémeth, fi a Haruts la, nan Jotba. 20 Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, [~19~]jan Manassé, papa li te konn fè a. 21 Paske li te mache nan tout chemen ke papa li te konn mache yo, e li te sèvi zidòl ke papa li te konn sèvi, e te adore yo. 22 Konsa, [~20~]li te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt li yo, e li pa t mache nan chemen SENYÈ a. 23 [~21~]Sèvitè a Amon yo te fè konplo kont li e yo te touye wa a nan pwòp kay li. 24 Alò, [~22~]pèp peyi a te touye tout sila ki te fè konplo kont Wa Amon yo, e pèp peyi a te fè Josias, fis li a, wa nan plas li. 25 Alò, tout lòt zèv ke Amon te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo? 26 Li te antere nan tonm pa li [~23~]nan jaden Uzza a e Josias, fis li a, te devni Wa nan plas li.
<- II Wa Yo 20II Wa Yo 22 ->