2 Konsa, Ézéchias te vire figi li vè miray la pou te priye a SENYÈ a. Li te di: 3 “Sonje koulye a, O SENYÈ a, mwen sipliye Ou,[~2~] jan mwen te mache devan Ou anverite avèk tout kè m nan, ak jan mwen te fè sa ki bon nan zye Ou a.” Epi Ézéchias te kriye byen anmè.
4 Avan Ésaïe te sòti nan mitan vil a, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di: 5 “Retounen pale ak Ézéchias, dirijan pèp mwen an: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a zansèt ou a, David: [~3~]“Mwen te tande lapriyè pa w la. [~4~]Mwen te wè dlo ki sòti nan zye ou a. Men vwala, Mwen va geri ou. Nan twazyèm jou a, ou va monte lakay SENYÈ a. 6 Mwen va mete kenzan sou lavi ou e mwen va delivre ou avèk vil sa a soti nan men a wa Assyrie. [~5~]Mwen va defann vil sa a pou koz pa Mwen ak pou koz David, sèvitè Mwen an.” ’ ”
7 Konsa, Ésaïe te di: “Pran yon gato figye etranje.”
8 Alò, Ézéchias te di a Ésaïe: “Ki sign ki va parèt ke SENYÈ a va geri mwen, e ke mwen va monte lakay SENYÈ a nan twazyèm jou a?”
9 Ésaïe te di: [~6~]“Sa va sign a ou menm soti nan SENYÈ a, ke SENYÈ a va fè bagay ke li te pale a: èske ou pito lonbraj la avanse dis pa, oswa fè bak dis pa?”
10 Alò, Ézéchias te reponn: “Li tèlman fasil pou lonbraj la avanse dis pa. Men non, kite li fè bak dis pa.”
11 Ésaïe, pwofèt la, te kriye a SENYÈ a, e [~7~]Li te fè lonbraj la fè bak dis pa sou eskalye a sou sila li te avanse nan eskalye Achaz la.
12 [~8~]Nan tan sa a, Berodac-Baladan, fis a Baladan nan, wa Babylone nan, te voye lèt avèk yon kado bay Ézéchias, paske li te tande ke Ézéchias te konn malad. 13 Ézéchias te koute yo e montre yo [~9~]tout kay trezò li a, ajan avèk lò, epis avèk lwil presye, lakay boukliye li yo avèk tout sa ki te konn twouve nan trezò li yo. Pa t gen anyen lakay li ni nan tout wayòm li a ke li pa t montre yo.
14 Alò, pwofèt la, Ésaïe, te vin kote Ézéchias. Li te mande li: “Kisa mesye sila yo te di e depi kibò yo sòti pou rive kote ou a?”
15 Li te di: “Kisa yo te wè lakay ou a?”
16 Konsa, Ésaïe te di a Ézéchias: “Tande pawòl SENYÈ a. 17 ‘Veye byen, jou yo ap vini lè [~10~]tout sa ki lakay ou avèk tout sa ke zansèt ou yo te mete an depo jis rive jou sa a va pote ale Babylone. Anyen p ap rete, pale SENYÈ a. 18 Kèk nan fis ou yo ki va sòti nan ou menm, ke ou va fè, va retire ale; epi yo va devni [~11~]ofisye nan palè a wa Babylone nan.’ ”
19 Alò Ézéchias te di a Ésaïe: “Pawòl SENYÈ a ke ou te bay la [~12~]bon.” Paske li te reflechi: “Èske se pa sa, si k ap gen lapè avèk verite nan jou mwen yo?”
20 [~13~] Alò, tout lòt zèv a Ézéchias yo avèk tout pwisans li ak jan li te [~14~]fè sous dlo a avèk kanal ki te mennen dlo a nan vil la, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo? 21 [~15~]Konsa, Ézéchias te dòmi avèk zansèt li yo e Manassé, fis li a, te devni wa nan plas li.
<- II Wa Yo 19II Wa Yo 21 ->