1 Li te vin rive lè SENYÈ a te prèt pou [~1~]ranmase Élie monte nan syèl nan yon van toubiyon, ke Élie te ale avèk [~2~]Élisée sòti Guilgal. 2 Epi li te rive ke Élie te di a Élisée: “Rete isit la, souple; paske SENYÈ a te voye mwen jis Béthel.”
3 Alò, [~4~]fis a pwofèt ki te Béthel yo te vin sòti kote Élisée e te di li: “Èske ou konnen ke SENYÈ a va pran mèt ou a soti anwo ou jodi a?” Konsa, li te di:
4 Élie te di li: “Élisée, souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen [~5~]Jéricho.”
5 [~6~]Fis a pwofèt ki te Jéricho yo te vin kote Élisée e te di li: “Èske ou konnen ke SENYÈ a va retire mèt ou a soti anwo ou jodi a?”
6 Konsa, Élie te di li: “Souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen nan [~7~]Jourdain an.”
10 Li te di: “Ou te mande yon bagay ki difisil. Si ou [~11~]wè m lè m retire kite ou, se konsa l ap ye pou ou; men si se pa sa, sa p ap fèt.”
11 Pandan yo t ap fè wout yo e t ap prale, men vwala, [~12~]yon cha dife avèk cheval dife te separe yo de a. Konsa, Élie te monte nan yon toubiyon nan syèl la. 12 Élisée te wè e te kriye fò: [~13~]“Papa m, papa m, cha Israël yo avèk chevalye li yo!”
15 Alò, [~15~]lè fis a pwofèt ki te Jéricho yo te wè li, yo te di: “Lespri Élie a poze sou Élisée.” Epi yo te vin rankontre li e te bese yo menm atè devan li. 16 Yo te di li: “Men vwala, genyen avèk ou senkant sèvitè ak gwo fòs, souple, kite yo ale chache mèt ou a. Petèt [~16~]lespri a SENYÈ a te pran li e te jete li sou yon mòn, oswa nan yon vale.”
17 Men lè [~17~]yo te bourade li jiskaske li te wont, li te di yo: “Voye yo”.
19 Konsa, mesye lavil yo te di a Élisée: “Gade byen koulye a, sikonstans vil sa a byen bon, jan mèt mwen konn wè a; men dlo a pa bon e tè a pa pwodwi anyen.”
20 Li te di: “Mennen ban m yon veso nèf e mete sèl ladann.” Konsa, yo te mennen ba li. 21 Li te ale nan sous dlo a. Li te jete sèl la ladann e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mwen te pirifye dlo sa yo! P ap gen lanmò ni move tè a ankò.’ ” 22 Konsa, dlo yo rete bon jis jodi a, selon pawòl Élisée te pale a.
23 Alò, soti la, li te monte Béthel. Pandan li t ap monte nan chemen an, jenn gason yo te sòti deyò soti lavil la. Yo te [~18~]moke li e te di li: “Ale monte, tèt chòv! Ale monte, tèt chòv!” 24 Lè li te gade dèyè li pou l te wè yo, li te [~19~]modi yo nan non SENYÈ a. Konsa, de lous femèl te sòti nan forè a, e te chire karann-de nan jenn gason pami yo. 25 Li te kite la pou rive [~20~]Mòn Carmel, e soti la, li te rive Samarie.
<- II Wa Yo 1II Wa Yo 3 ->