5 Pou sa, sèvitè a wa Ézéchias yo te vin kote Ésaïe. 6 Ésaïe te di yo: “Konsa nou va pale a mèt nou an: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Pa krent akoz pawòl ke ou te tande yo, avèk sila sèvitè a wa Assyrie yo [~6~]te blasfeme Mwen yo. 7 Veye byen, mwen va mete yon lespri nan li pou l tande yon fo nouvèl pou retounen nan pwòp peyi pa li. Epi [~7~]Mwen va fè l tonbe pa nepe nan pwòp peyi li.” ’ ”
8 Alò, Rabschaké te retounen e te twouve wa Assyrie a t ap goumen kont Libna; paske li te tande ke li te fin kite [~8~]Lakis. 9 Lè l te tande sa pa Tirhaka, wa Ethiopie a, vwala, li vin parèt pou goumen kont ou, li te ankò voye mesaje yo kote Ézéchias e te di: 10 “Konsa ou va pale a Ézéchias, wa Juda a, [~9~]‘Pa kite Bondye ou a nan Sila ou mete konfyans ou an twonpe ou e di: “Jérusalem p ap antre nan men a wa Assyrie a.” 11 Gade byen, ou konn tande sa ke wa Assyrie a te fè a tout peyi yo, destriksyon konplèt. Èske se konsa ke ou va delivre a? 12 Èske dye a nasyon sila yo ke zansèt mwen yo te detwi yo, te delivre yo, menm? Gozan, [~10~]Charan, Retseph, avèk [~11~]fis a Éden ki te Telassar yo? 13 [~12~]Kibò wa Hamath la ye, wa Arpad la, wa gran vil Sepharvaïm nan, Henna, avèk Ivva?’ ”
14 Alò, [~13~]Ézéchias te pran lèt la soti nan men a mesaje yo e li te li li. Li te monte lakay SENYÈ a, e li te louvri li devan SENYÈ a. 15 Ézéchias te priye devan SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, ki chita sou twòn li pami cheriben yo, [~14~]Ou se Bondye a, Ou sèl Ou pami tout wayòm sou latè yo. Ou te fè syèl la avèk tè a. 16 Panche zòrèy Ou, O SENYÈ a pou tande. [~15~]Ouvri zye Ou O SENYÈ pou wè. Koute pawòl a Sanchérib yo, ke li te voye [~16~] pou repwoche Bondye Vivan an. 17 Anverite, O SENYÈ, wa Assyrie yo te devaste nasyon yo avèk peyi pa yo, 18 epi yo te jete dye pa yo nan dife, [~17~]paske se pa dye yo ye, men se zèv a men lèzòm yo, bwa avèk wòch. Pou sa, yo te detwi yo. 19 Alò, O SENYÈ, Bondye nou an, mwen priye Ou, delivre nou nan men li [~18~]pou tout wayòm sou latè yo kab konnen Ou sèl, O SENYÈ, se Bondye a.”
20 Epi Ésaïe, fis a Amots la te voye kote Ézéchias e te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Akoz ou te priye a Mwen pou Sanchérib, wa Assyrie a, [~19~]Mwen te tande.”
21 Sa se pawòl ke SENYÈ a te pale kont li an:
27 Men M konnen [~28~]chita ou, sòti avèk antre pa ou,
29 “Epi sa va [~30~]sign lan pou ou: Ou va manje nan lane sila a sa ki grandi pou kont li, nan dezyèm ane a, sa ki sòti menm jan an konsa e nan twazyèm ane a, ou va simen, rekòlte, plante chan rezen yo e manje fwi pa yo. 30 [~31~]Retay ki chape lakay Juda a va ankò pran rasin k ap pouse pa anba pou bay fwi pa anlè. 31 Paske depi Jérusalem, [~32~]va vin sòti yon retay e sòti nan Mòn Sion, sila ki chape yo. [~33~]Zèl SENYÈ a va acheve sa.”
32 “Pou sa, pale SENYÈ a selon wa Assyrie a: [~34~]‘Li p ap rive nan vil sila a, ni tire yon flèch la. Li p ap rive devan li avèk yon boukliye, ni monte yon ran syèj kont li. 33 [~35~]Pa menm chemen ke li te antre a, pa li menm, li va retounen e li p ap rive nan vil sila a’, deklare SENYÈ a. 34 [~36~]‘Paske Mwen va defann vil sa a pou sove li pou koz Mwen menm ak pou koz sèvitè mwen an, David.’ ”
35 [~37~]Epi li te vin rive menm nwit sa a ke zanj SENYÈ a te sòti e te frape san-katre-ven-senk-mil moun nan kan Asiryen yo. Lè moun yo te leve granmmaten, men vwala, yo tout te mouri. 36 Pou sa, [~38~]Sanchérib, wa Assyrie a, te sòti e te retounen lakay li pou te rete [~39~]Ninive. 37 Konsa, li te vin rive pandan li t ap adore lakay Nisroc la, dye pa li a, ke [~40~]Adrammélec avèk Scharetser te touye li avèk nepe, epi yo te chape nan peyi Ararat. Epi Ésar-Haddon, fis li a, te devni wa nan plas li.
<- II Wa Yo 18II Wa Yo 20 ->