9 Alò, nan katriyèm ane Wa Ézéchias la, ki te setyèm ane Osée, fis a Éla a, wa Israël la, [~11~]Salmanasar, wa Assyrie a, te monte kont Samarie, e te fè syèj kont li. 10 Nan fen twazan, yo te kaptire li, epi nan sizyèm ane Ézéchias la, ki te [~12~]nan nevyèm ane Osée a, wa Israël la, Samarie te vin kaptire. 11 Konsa, wa Assyrie a te pote Israël ale an egzil nan Assyrie, e li te mete yo nan [~13~]Chalach sou rivyè Gozan nan vil a Mèdes yo, 12 paske yo [~14~]pa t obeyi vwa a SENYÈ a, Bondye pa yo a, men yo te transgrese akò pa Li a, menm tout sa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande yo. Yo pa t koute yo, ni fè yo.
13 [~15~]Alò, nan katòzyèm ane a Wa Ézéchias, Sanchérib la, wa Assyrie a te vin monte kont tout vil fòtifye Juda yo, e li te sezi yo. 14 Alò, Ézéchias, wa Juda a te voye kote wa Assyrie a nan Lakis. Li te di: [~16~]“Mwen te fè mal. Rale bak sòti sou mwen; nenpòt sa ke ou mande m peye, m ap sipòte l.” Pou sa, wa Assyrie a te fè demand a Ézéchias pou peye twa san talan ajan avèk trant talan lò. 15 [~17~]Ézéchias te bay tout ajan ki te twouve nan kay SENYÈ a ak nan kès lakay wa a. 16 Nan tan sa a, Ézéchias te koupe retire lò nan pòt tanp SENYÈ a, avèk chanbrann pòt ke Ézéchias, wa Juda a, te kouvri a e li te bay li a wa Assyrie a.
17 Epi wa Assyrie a te voye [~18~]Tharthan, Rab-Saris avèk Rabschaké sòti nan Lakis avèk yon gwo lame rive kote Ézéchias Jérusalem. Konsa, yo te monte pou te rive Jérusalem. Epi lè yo te monte, yo te rive e te kanpe kote kanal souteren an, nan ma sous dlo piwo a, ki te sou chemen chan lesiv la. 18 Lè yo te rele wa a, [~19~]Élikiam, fis a Hilkija a, ki te sou tout kay la ak Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, achivist la, te parèt kote yo. 19 Epi Rabschaké te di yo: “Pale koulye a a Ézéchias: ‘Konsa pale gran wa a, wa Assyrie a: [~20~]“Ki kalite konfyans sa ke ou genyen an? 20 Ou di nou (malgre se pawòl vid yo ye): ‘Mwen gen konsèy avèk pwisans pou fè lagè.’ Alò, sou kilès ou depann, [~21~]pou ou vin fè rebèl kont mwen an? 21 Alò, veye byen, ou [~22~]depann de baton a wozo kraze sa a, sou Égypte menm. Sou sila si yon nonm apiye, l ap fonse antre nan men l e pèse l nèt. Se konsa, Farawon va ye pou tout sila ki depann de li yo. 22 Men si ou di mwen: ‘Nou mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an’, se pa li menm pou sila [~23~]Ézéchias te retire wo plas avèk lotèl yo, e ki te di a Juda avèk Jérusalem: ‘Nou va adore devan lotèl sa a Jérusalem?’ 23 Pou sa, vini, fè yon antant avèk mèt mwen, wa a Assyrie a, e mwen va ba ou de mil cheval, si ou kab menm mete moun sou do yo. 24 Kijan ou kab reziste a menm youn nan pi piti a sèvitè mèt mwen yo e depann de Égypte pou cha ak chevalye? 25 Èske se san soutyen SENYÈ a ke m vin monte kont plas sa a pou detwi li? SENYÈ a te di m ‘Monte kont plas sa a pou detwi l.’ ” ’ ”
26 Alò Éliakim, fis a Hilkija a, avèk Schebna ak Joach te di a Rabschaké: “Pale koulye a a sèvitè ou yo an Arameyen, paske nou konprann li. Pa pale avèk nou an [~24~]Jideyen nan zòrèy a moun ki sou mi yo.”
27 Men Rabschaké te di yo: “Èske mèt mwen an te voye m sèlman a mèt pa w la pou pale pawòl sila yo, pa pou mesye ki chita sou mi yo, ki va manje pwòp watè pa yo e bwè dlo pipi pa yo ansanm avè w?”
28 Epi Rabschaké te kanpe, li te kriye avèk yon vwa fò an Jideyen. Li te di: “Tande pawòl gran wa a, wa Assyrie a! 29 Konsa pale wa a! [~25~]‘Pa kite Ézéchias twonpe nou, paske li p ap kab delivre nou pou sòti nan men m. 30 Ni pa kite Ézéchias mennen nou pou mete konfyans nan SENYÈ a, pou l di: “SENYÈ a va anverite delivre nou, e vil sa a p ap livre nan men a gran wa a Assyrie a.” 31 Pa koute Ézéchias.’ Paske konsa pale wa Assyrie a: ‘Fè lapè nou avèk mwen e sòti vin kote mwen. Manje nou [~26~]chak nan pwòp chan rezen pa nou, nou chak pye fig mi etranje pa nou e nou chak nan pwòp dlo sitèn pa nou, 32 jiskaske mwen rive pou pran nou ale nan [~27~]yon lòt peyi, yon peyi ak sereyal avèk diven nèf, yon peyi avèk bwa doliv ak siwo myèl, pou nou kapab viv e pa mouri.’ Men pa koute Ézéchias lè li mal dirije nou pou di: ‘SENYÈ a va delivre nou.’ 33 [~28~]Èske okenn nan dye a peyi sila yo te delivre peyi pa yo a devan men wa a Assyrie a? 34 [~29~] Kote dye a Hamath yo oswa Arpad yo? Kote dye a Sepharvaïm yo, oswa Héna avèk Ivva yo? Èske yo te delivre Samarie pou l sòti nan men m? 35 Kilès pami tout dye a peyi yo ki te delivre peyi pa yo devan men m, [~30~]pou SENYÈ a ta dwe delivre Jérusalem soti nan men m?”
36 Men pèp la te rete an silans e pa t reponn menm yon mo; paske lòd a wa a se te “Pa reponn li”. 37 Epi Éliakim, fis a Hilkija a, ki te sou tout kay la, Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, achivist la, te vin kote Ézéchias [~31~]avèk rad yo tou chire pou te pale li pawòl a Rabschaké yo.
<- II Wa Yo 17II Wa Yo 19 ->