Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Men mwen te deside sa pou koz pa mwen, pou mwen [~1~]pa ta vin kote nou menm nan tristès ankò. 2 Paske si m [~2~]fè nou tris, kilès k ap fè m kontan, sof ke sila ke m te fè tris la. 3 Sa se menm bagay ke m te ekri nou an, jis pou lè m te vini, pou mwen pa ta twouve tristès nan sila ki ta dwe fè m rejwi yo. Paske mwen gen [~3~]konfyans ke m gen nan nou tout la, pou lajwa pa m ta kapab lajwa pa nou tout. 4 Paske se te nan anpil afliksyon ak soufrans nan kè mwen, ke m [~4~]te ekri nou avèk anpil dlo nan zye; pa pou m ta fè nou tris, men pou nou ta kapab konnen lanmou pwofon ke mwen gen pou nou an.

5 Men [~5~]si yon moun fè nou tris, se pa mwen li fè tris la, men, nan yon sèten sans, (jis pou m pa di twòp) a nou tout. 6 Sifi pou yon moun konsa se [~6~]pinisyon ki te enpoze pa majorite a. 7 Donk okontrè, nou ta pito rekonfòte e [~7~]padone li, otreman pou yon moun konsa ta sibi yon tristès ki depase limit. 8 Pou sa, mwen ankouraje nou pou fè l konnen ankò, lanmou nou gen anvè li a. 9 Paske nan bi sa, mwen osi te ekri nou pou m te kapab teste nou, si nou [~8~]obeyisan nan tout bagay. 10 Men sila ke nou te padone a, mwen te padone li tou; paske anverite, sa ke m te padone a, si vrèman mwen te padone yon bagay, mwen te fè l pou koz nou [~9~]nan prezans a Kris la 11 pou Satan pa t kab vin pwofite de nou; paske [~10~]nou pa inyoran de manèv li yo.

12 Alò, lè m te vini [~11~]Troas pou levanjil a Kris la, e lè [~12~]yon pòt te vin ouvri pou mwen nan Senyè a, 13 mwen [~13~]pa t gen repo nan lespri mwen, akoz mwen pa t twouve Tite, frè mwen an. Konsa, mwen te kite yo, pou mwen te kontinye vè Macédoine.

14 [~14~]Men gras a Bondye, ki toujou mennen nou nan viktwa Li an Kris la, e ki toujou fè parèt nan nou yon pafen ki santi bon de konesans a Li nan tout kote. 15 Paske nou se [~15~]odè santi bon a Kris la vè Bondye pami [~16~]sila k ap vin sove yo, e pami sila k ap peri yo. 16 [~17~]Pou youn, yon movèz odè ki soti nan lanmò pou rive nan lanmò, pou lòt la, yon odè ki soti nan lavi pou rive nan lavi. E kilès nan nou ki [~18~]gen ase de fòs pou bagay sa yo? 17 Paske nou pa tankou anpil moun, k ap vann pawòl Bondye a. Men [~19~] nan senserite, devan ze Bondye, nou pale nan Kris.

<- II Korentyen Yo 1II Korentyen Yo 3 ->